RHJS - Réseau Haïtien de Journalistes en Santé
  • Accueil
  • Webmail
  • Registre d’inscription
  • Nous contacter
mardi 13 octobre 2026
  • Connexion
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
Advertisement
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats

Se wè m wè m la

An n ri pou n pa toufe / Ribrik nan emisyon Byennèt

La Rédaction Par La Rédaction
1 mai 2024
Dans Actualités, Nationales
0
Se wè m wè m la

Marc-Herley Fontal

0
PARTAGES
83
VUES
Partager sur FacebookPartager sur Twitter
Marc-Herley Fontal

RHJS ap pwopoze w An n ri pou n pa toufe. Yon ribrik komik ki sòti nan emisyon Byennèt. Sou paj sa, w ap jwenn tèks aktè Rezo jounalis ayisyen lasante yo jwe. Epi nan pye tèks la ou kapab viv, nan vwa aktè yo, sèn nan.

Mezanmi an n ri pou n pa toufe.

Mako : Kòman w ye?

Niva   : M la…. Mwen la!

Mako : Kòman w la a?

Niva   : M wè m la…. Mwen wè mwen la.

PUBLICITÉ

Mako : Kòman w wè w la a?

Niva   : Eske se pa konsa nou ye? Nou wè nou la. N ap gade.

Mako : Mwen pa konprann ou menm maten an. Kòman figi w frijèt frijèt konsa?

Herley Joseph

Niva : A! m te gen pou m te pati kite peyi a, depi mwa pase a. Aewopò fèmen sou mwen la. Se wè m m wè la.

Mako : Aewopò gen pou l ouvè. Li gen pou l ouvè. Bon jan ouvè. Tann, tann, tann.

Niva : Tann, tann, tann! Ou pa wè yo fèmen pò a sou nou tou. Kisa pou yo tann pou nou ankò?

Mako : Yo pa tann pou nou ankenn chita tann. Fòk nou rete tann. Se tann pou n tann. Jan mizik la di a : fòk nou gen kouraj pou n tann.

Niva  : Kouraj pou n tann, pou nou rive pase tan an.

Mako : N a rive. An n pase tan an, konsa nou ka pran bon eskanp, pou n byen kanpe, pou n fè fas kare ak tan an.

Niva  : M pa ka kanpe ankò. Mwen sou jenou m la. Mwen sou jant, Mako. Aewopò fèmen. Pò fèmen. Wout yo fèmen. Pòtoprens fèmen nan tout twou l. M tounen yon vye rat. Ou pa wè peyi a fèmen sou nou la! Ayiti fennen, deplimen, an tenten anba sendenden.

Mako  : Sese te di sa. Sese te di : Sosyte a fè yon pitit, li bliye se li k fè l. Pitit sosyete a tounen pou sosyete a. Li tounen pou l ba l batistè, okipe l kòm sa dwa.

Niva : Sa w ap di la, Mako?

Mako  : M ap divage. M ap delire. Mwen deliryòm. Fòk mwen ta fè yon vakyòm nan tèt mwen pou m konprann lòm. An sòm,  an n gad lespwa.

Niva  : Mwen pa nan lespwa. M bwè pwa. M bezwen pati, Mako. M bezwen pati, pati. Si yon van te ka bwote m, li t ap mennen m pi lwen lakay. Ou wè si m tonbe malad la, mwen pa konn sa m ap fè?

Mako  : Valè remèd fèy ki gen nan peyi sa? Se sa lespwa wi. Ou pa wè lopital ap fèmen? Ou pa wè famasi ap fèmen? E si tout doktè ale? Si tout pati kite peyi a, kisa n ap fè?

Niva  : N ap mouri. N ap mouri, Mako.

Mako  : Non! Nou pap lage kadav kò nou nan fènwa dezespwa; n ap lage kò nou rèd nan medsen fèy. N ap retounen nan lakou, n ap remete demanbre nou yo sou pye. N ap lage tout kò nou, n ap lage tout tèt nou nan jèn, n ava fè penitans pou nou delivre anba tout vye maladi ki vle mete do nou atè. Men sa k lespwa a, Niva. Men sa k bon jan lespwa a. Nou lèd, nou la. Nou la pi rèd, menm si nou vin pi lèd. N ap jwen èd kanmèm. Kanmèm.

Niva  : Ou radote twòp nan tèt mwen. Twòp radòt k ap fè m sòt. Mwen Niva, pati m bezwen pati.

Mako  : Va! Niva. Pati, pati. Pati!

Niva  : Mako, m pa chen, tande. Ou pa ka di m pati.

Mako  : Rete! Niva, tèt ou pati?!

Niva  : Ou di m pati.

Mako  : Ou pa vle pati?

Niva  : M vle pati. Bon jan pati.

Mako  : Ou bonjan pati. Pati. Pati, pati Niva. Va, vas-y.

Niva  : Anaaaan…

Claude Bernard Sérant

serantclaudebernard@yahoo.fr

Nan videyo Byennèt sa, RHJS ap envite w tande, nan yon wòl, vwa : Marc-Herley Fontal ak Claude Bernard Sérant

Eske w konnen lè w ri li bon pou sante w? An n klike sou videyo sa.

Etiquettes: #An n ri pou n pa toufe#Pour bien se porter#Rions un peu
Post précédent

Pwoblèm twalèt nan kan deplase lise Marie Jeanne

Post suivant

Comment restaurer l’Etat en Haïti?

La Rédaction

La Rédaction

Le Réseau Haïtien de Journalistes en Santé (RHJS) est un outil de référence pour des informations de santé regroupant des journalistes qui œuvrent dans le domaine de la santé en Haïti.

Connexe Posts

Aucun contenu disponible
Post suivant
Éducation : former de meilleurs êtres humains pour une société  juste et solidaire

Comment restaurer l'Etat en Haïti?

Discussion à propos de post

PUBLICITÉ

Notes de presse

Notes de presse

Le RHJS et l’AHPSY établissent un cadre de collaboration pour promouvoir la santé mentale en Haïti

Par La Rédaction
1 octobre 2026
0

COMMUNIQUÉ DE PRESSE Jeudi du RHJS   Gihane Déjoie Mathurin, présidente de l’Association haïtienne de psychologie, signe le protocole d’accord...

Lire plus

Le lavage des mains à l’eau et au savon : un geste simple qui sauve des vies

Publication de la liste des dix finalistes de la 3e édition du Prix Dr Odilet Lespérance

Poursuite de l’Assemblée générale ordinaire 2022 du RHJS

Une exposition de photos en hommage au Dr Odilet Lespérance

Derniers posts

Le RHJS et l’AHPSY établissent un cadre de collaboration pour promouvoir la santé mentale en Haïti

1 octobre 2026

AHPSY et RHJS s’accordent pour renforcer l’information sur la santé mentale en Haïti

1 octobre 2026

Reprise des « Jeudis du RHJS » le 1er octobre 2026 autour de la santé mentale

30 septembre 2026
Le RHJS renforce sa structure institutionnelle avec un Conseil consultatif

Le RHJS renforce sa structure institutionnelle avec un Conseil consultatif

27 septembre 2026
Déchets et incivilités à Beaumont : l’indignation des riverains

Déchets et incivilités à Beaumont : l’indignation des riverains

24 septembre 2026
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
  • Registre d’inscription
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous
Téléphone : +509-3832-2925

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht

Bon retour!

Connectez-vous à votre compte ci-dessous

Mot de passe oublié?

Récupérez votre mot de passe

Veuillez entrer votre nom d'utilisateur ou votre adresse email pour réinitialiser votre mot de passe.

S'identifier
Aucun résultat
Voir tous les résultats
  • Connexion
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht