RHJS - Réseau Haïtien de Journalistes en Santé
  • Accueil
  • Webmail
  • Registre d’inscription
  • Nous contacter
mardi 7 juillet 2026
  • Connexion
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
Advertisement
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats

Doktè Eddy Pépé, yon aktè nan jounen lasante RHJS òganize nan tèt kole ak Komisyon medikal kretyèn d’Ayiti a

Entèvyou

La Rédaction Par La Rédaction
12 octobre 2024
Dans Actualités, Nationales
0
0
PARTAGES
125
VUES
Partager sur FacebookPartager sur Twitter

Nan jounen konsiltasyon pou tout moun Rezo ayisyen jounalis lasante (RHJS) ki fèt nan lokal rezo a, samdi 28 septanm, jounalis Claude Bernard Sérant rankontre direktè Komisyon medikal kretyèn d’Ayiti a, Doktè Eddy Pépé. Anba je kamera Assade Jean-Louis, pandan yon ti poz, yon respirasyon ant de espas konsiltayson, nou pwofite pou n entèvyouwe doktè a. N ap fè w remake, entèvyou sa nou kapab jwenn li sou tout fòm : odyo, odyovizyèl ak ekri.

Dr Eddy Pépé ap konsilte yon pasyan

 RHJS:  Doktè Pépé, koman w wè jounen konsiltasyon an paske w la depi m maten ?

Doktè Eddy Pépé : Efektivman, genyen anviwon 3 ak 4 semèn, depi Komisyon medikal kretyèn d’Ayiti ak Rezo ayisyen jounalis lasante planifye jounen sa a:  jounen konsiltasyon jeneral, konsiltasyon dèmatolojik, pedyatrik, jinekolojik. Apa

Konsiltasyon sa yo, nou gen yon pòs vaksinasyon ak yon pòs depistaj VIH/Sida. Nou fè jounen an pou gran piblik la, anpatikilye pou popilasyon defavorize yo. E se pou sa menm nou fè konsiltasyon yo gratis. Nou bay pasyan yo medikaman esansyèl yo kont tansyon, kont enfeksyon, kont enflasyon, ak sipò Anbasad Lafrans epi Unicef.

Se yon jounen ki reyisi, paske nou komanse  a 9 è nan maten. Li fè 2 zè edmi nou poko tèmine. Nou konsilte, selon mwen menm, plis pase san pasyan. Nou jwenn nan majorite nan yo ka ypètansyon ateryèl, dyabèt, ka enfeksyon irinè. Pou dèmatoloji, nou jwenn ka dèmatoz ; sitou gal, empetigo, lateng, varisèl elariye.

Pou jounen sa a te rive mobilize resouzimèn, lojistik ak mwayen lajan, de asosyasyon yo te travay nan tèt kole pou yo satisfè popilasyon an, sitou sa ki pi gen bezwen yo.

PUBLICITÉ

RHJS: Ou di resous. E si nou pale de resouzimèn : ou kapab di nou konbyen medsen, konbyen enfimyè nou rive mobilize ?

Doktè Eddy Pépé : Efektivman nou mobilize pwofesyonèl lasante ki afilye avèk Komisyon medikal kretyèn d’Ayiti. Nou genyen 2 jeneralis nan kad jounen an. Nou genyen 2 dèmatològ, yon jinekològ, yon pedyat. Nou genyen 3 enfimyè. Nou te komanse ak 2 enfimyè, men telman vin gen anpil moun, nou te oblije ajoute yon twazyèm enfimyè pou nou kapab pran siy vito yo rapidman (respirasyon, poul, presyon ateryèl, temperati kò moun nan). Pou nou pèmèt medsen yo travay, nou mete pou fasilite sèvis la 2 ajan, 2 moun ki la pou bay medikaman. Fòk n

Pandan pasyan yo nan sal datant, y ap gade video

ou di, nan kad jounen sa a, nou pa fè egzamen laboratwa sou plas. Men pou ka ki nesesite egzamen laboratwa nou mande yo, gen 2 medsen nou seleksyone pami ekip medikal la k ap fè suivi pou rezilta egzamen sa yo. Natirèlman Propanak tou gen egzamen.

Demann pèp la. Ki repons ?

RHJS: Mwen rankontre plizyè pasyan kòm jounalis, yo fè nou repwòch : yo di gade yon bèl jounen ! men nou pap vini ankò, yo santi nou pral lage yo. Kisa w kapab di ak 2 enstitisyon sa yo ki marye pou òganize evènman sa a?

Doktè Eddy Pépé : Lè nou fè jounen konsiltasyon, konn gen ti pwoblèm nan swivi yo, sitou gen pasyan ki gen egzamen pou yo fè aprè nou fin wè yo. Nou menm nou asire nou tout malad ki gen egzamen nou seleksyone de (2) medsen ki nan ekip medikal la, pou gade rezilta egzamen sa yo, pou yo fè swivi, paske efektivman nou konnen konn gen yon pwoblèm swivi ; se kòmsi se yon malad aprè jounen konsilasyon nou lage nan nati. Okontrè gen de ka nou wè nan kad yon jounen konsiltasyon, nou refere bay espesyalis ki pat mobilize nan kad aktivite a. Pa egzanp, gen ka nou jwenn – men yo pa anpil – pou chiriji. Gen ka nou jwenn se entèvansyon ki pou fèt sou po moun nan. Donk se entèvansyon dèmatolojik. Gen ka, fòk moun nan jwenn yon oftalmològ pou li fè priz an chaj la pou li. Nou asire nou : nou voye moun nan bay espesyalis ki gen referans nan sektè medikal la.  Malad ki gen egzamen kòm mwen di w : gen 2 medsen ki nan ekip medikal la ki asire swivi yo, ki fèt an klinik prive men sou fòm koutwazi medikal, sa vle di malad la pap peye. Se komsi se yon pwolonjman jounen konsilatsyon an.

RHJS: Doktè Pepe, eske w panse RHJS avèk enstitisyon w ap dirije a ta sipoze fè lòt aktivite konsa ?

Doktè Eddy Pépé : Fòk nou di se pa premye eksperyan nou ak Rezo ayisyen jounalis lasante. Ane pase, nou te fè yon klinik mobil nan Mibalè, nan zòn Zilia. Komisyon medikal kretyèn d’Ayiti siyen yon pwotokòl akò ak Rezo ayisyen jounalis lasante. Nou genyen plizyè aktivite pou nou fè ansanm. Lasante se yon domèn transvèsal, donk nou bezwen pwofesyonèl lasante : enfimyè, medsen, teknisyen laboratwa, famasyen. Nou bezwen espesyalis nan kominikasyon : nou jwenn yo nan RHJS. E, se pa nenpòt ki jounalis. Se espesyalis ki ap fè kominikasyon nan domèn lasante. Men poukisa nou se de asosyasyon k ap travay men nan men ki gen enterè pou fonksyone sere sere pou n pote kole nan gwo travay n ap fè ansanm pou n amelyore kondisyon sanitè an Ayiti.

Sou bò pa li, lè nou al poze ansyen sekretè jeneral RHJS la kesyon, ki se youn nan majò jon jounen lasante a, li di nou : Akoz gwo siksè jounen sa a, prese prese avan fen ane a RHJS pral gade si l a òganize yon lòt jounen ak Komisyon medikal kretyèn d’Ayiti pi dyanm toujou pou popilayon an.

Pou rekòt enfòmasyon yo: Claude Bernard Sérant(entèvyou ak tretman tèks la ) ; Assade Jean-Louis (kamera) ; Junior Bazile(dekriptaj son).

An n al gade Doktè Eddy Pépé k ap pale nan videyo sa

Etiquettes: #Ambassade de France en Haïti#Jounen lasante#RezoBien-êtreMSPPPISCCARHJS
Post précédent

Journée de sensibilisation et de consultation au RHJS

Post suivant

Grand Dossier du RHJS consacré au projet PISCCA en sept articles

La Rédaction

La Rédaction

Le Réseau Haïtien de Journalistes en Santé (RHJS) est un outil de référence pour des informations de santé regroupant des journalistes qui œuvrent dans le domaine de la santé en Haïti.

Connexe Posts

Actualités

4e forum national des organisations de la société civile: Le VDH mis fin à deux journées de réflexions et d’engagement

30 juin 2026
Actualités

Catts Pressoir en exposition : l’école au cœur de l’innovation et des défis haïtiens

16 juin 2026
Sensibilisation des primo-votants sur le processus électoral haïtien
Actualités

Sensibilisation des primo-votants sur le processus électoral haïtien

6 juin 2026
Actualités

Foire nationale de la menstruation : une journée pour comprendre, apprendre et briser les tabous

3 juin 2026
Pierre Antoine Louis célèbre la mémoire et la résistance culturelle de la Maison d’Édition Toussaint
Actualités

Pierre Antoine Louis célèbre la mémoire et la résistance culturelle de la Maison d’Édition Toussaint

28 mai 2026
Actualités

Pétion-Ville accueillera la première Foire de la Menstruation autour de la dignité menstruelle

26 mai 2026
Post suivant
Grand Dossier du RHJS consacré au projet PISCCA en sept articles

Grand Dossier du RHJS consacré au projet PISCCA en sept articles

Discussion à propos de post

PUBLICITÉ

Notes de presse

Actualités

Le lavage des mains à l’eau et au savon : un geste simple qui sauve des vies

Par La Rédaction
10 octobre 2024
0

Le lavage des mains à l’eau et au savon : un geste simple qui sauve des vies Quelques secondes suffisent...

Lire plus

Publication de la liste des dix finalistes de la 3e édition du Prix Dr Odilet Lespérance

Poursuite de l’Assemblée générale ordinaire 2022 du RHJS

Une exposition de photos en hommage au Dr Odilet Lespérance

Tentative d’assassinat sur le journaliste de carrière, Roberson Alphonse

Derniers posts

VIH

VIH en Haïti : quand la discrimination s’ajoute à la maladie dans les hôpitaux

1 juillet 2026

4e forum national des organisations de la société civile: Le VDH mis fin à deux journées de réflexions et d’engagement

30 juin 2026

Tombola de bienfaisance : la FHADIMAC récompense ses gagnants à l’occasion de la Fête des pères

28 juin 2026

À Ounaminthe, la MET forme les enseignants et interroge l’école de demain

27 juin 2026

À Ouanaminthe, Légende de la soupe joumou suscite débats et découvertes chez les jeunes lecteurs

20 juin 2026
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
  • Registre d’inscription
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous
Téléphone : +509-3832-2925

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht

Bon retour!

Connectez-vous à votre compte ci-dessous

Mot de passe oublié?

Récupérez votre mot de passe

Veuillez entrer votre nom d'utilisateur ou votre adresse email pour réinitialiser votre mot de passe.

S'identifier
Aucun résultat
Voir tous les résultats
  • Connexion
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht