Antreprenè, operatè kiltirèl, jounalis ; Francois Nedje Jacques pa janm sispann pran inisyativ oubyen pote sipò li nan aktivite oswa pwojè ki gen pou wè ak liv toupatou nan peyi a pou 10 dènye lane sa yo. Ke se swa « Livres Haiti » yon platfòm spesyalize nan enfòmasyon ki konsène chèn liv la ak literati ayisyèn nan isit kou nan djaspora a. Ajans « NeRo Livres » oubyen kòm prezidan asosyasyon Viv Ayiti Liv k’ap mennen plizyè evenman ak pwogram tankou LiTouPatou, Festival Vive Haiti Livres, konkou Je Lis et Je Raconte, Salon Nasyonal Ilistrasyon ak Literati Jenès, pou site sa yo sèlman. Francois Nedje Jacques pa gen entansyon sispann milite pou plis aksè ak liv, la kilti ak enfòmasyon nan peyi a.
Nedje ki soti titè, yon jenn k’ap bay sipò volontè nan sant lekti ak animasyon kiltirèl (CLAC), pase animatè benevòl pou rive jwe wòl kòdonatè tout CLAC ak bibliyotèk minisipal ki nan rezo Direksyon Nasyonal Liv (DNL) pandan yon tan, jwe sou tout teren avèk yon sèl anbisyon : fè liv aksesib tout kote e genyen plis moun kap li nan peyi a.
« Mwen se moun Senmak » se mak fabrik Nedje lè nou kòmanse entèvyou a. Fò w ta di moun Senmak Nedje a fè pati eksperyans n’ap pale yo. Efektivman Francois Nedje Jacques fèt epi grandi Senmak, apre etid klasik li, li antre Pòtoprens pou etidye men li pa t rete, li retounen latibonit pou travay e se la li fè etid de baz li nan administrasyon ekonomik ak sosyal, yon diplòm avanse nan jesyon pwojè epi suiv yon latriye fòmasyon ki gen pou wè yon fason ou yon lòt ak domèn lakilti.
Kote pasyon angajman sa a soti ?
Tou piti Nedje te renmen li ak desine. Chans pou li, lekòl li frekante yo te gen bibliyotèk e chak semèn li pat konn manke al li epi prete liv. Pandan li lekòl li vin youn pami responsab klèb literè kay jèn yo (VDH) nan Senmak e mennen premye pwojè pou ranfòse yon kwen lekti ki te genyen nan sant la nan epòk la. Depi lò, inisyativ yo pa janm kanpe. Nan radyo ap anime emisyon « Format culturel », radyo Millenium oubyen « Cult-Livres » sou carida Fm pita. Aktivite ak elèv lekòl. Se menm pasyon sa a ki te pouse li entegre ekip CLAC Senmak la kòm titè nan lane 2013 e pran anpil inisyativ ak ekip la.
Nedje pa sispann site non moun, pou make rekonesans li a chak etap sa yo nan militans li pou liv blayi tout kote nan peyi a.
Sou chak pwoblèm, yon tantativ solisyon. Pou reponn ak pwoblem liv ayisyen yo ki pa t aksesib preske nan vil pwovens yo. Li fonde NeRo Livres nan lane 2015. Francois Nedje Jacques avwe se youn nan pi bèl paj li janm ekri e ki aprann li anpil leson ak nesesite konpetans akademik ak eksperyans pou mennen yon pwojè nan bout li.
« Ide yo konn bèl, nou bezwen resous ak konpetans pou rive reyisi yo. NeRo aprann nou sa. Malgre anbisyon demokratize liv la te klè men sa pa t anpeche nou pa t rive tabli nan epòk la yon bon kad jesyon ki ta ka pèmèt antrepriz la gen yon baz solid e devlope bon rapò ak patnè komèsyal li yo. Nou aprann anpil de eksperyans sa a, nou aprann konnen tou ke se swa nan etid oubyen kolaborasyon nou fè pou nou pi efikas. Se youn nan pwojè ki te motive m al etidye administrasyon e kofondatè ajans la ki kounye a ap mennen bak la poukont li, Roldens Therlonge ale nan kontabilite »
Kòdonatè CLAC ak Bibliyotèk Minisipal rezo Direksyon Nasyonal Liv
Francois Nedje Jacques kòmanse travay nan Direksyon Nasyonal Liv nan lane 2020 kòm kòdonatè pwogram aktivite CLAC ak bibliyotèk minisipal yo epi an jen 2023 li pase ofisyèlman kòdonatè a.i rezo a kote nan sèlman yon lane li mete an plas yon nouvo lidèchip travay. Nedje avwe, pandan li remèt nou yon egzanplè rapò aksyon ak suivi kòdinasyon an ki fèt pandan peryòd li te kòdonatè a, se yon eksperyans ki aprann li anpil bagay epi fè li konprann nesesite pou moun ki gen yon responsabilite nan kèlkeswa nivo nan administrasyon piblik la pou pran desizyon ki gen pou wè ak responsabilite l epi goumen pou amelyore espas yo gen pouvwa desizyon pou li yo. An plis kontribye nan aksyon DNL mennen pou ranfòse pèsonèl CLAC yo. Nedje reyalize yon reyinyon travay ak evalyasyon chak mwa ak animatè rezo CLAC Ayiti a. Reyinyon sa yo se yo te toujou okazyon pou deziye ki CLAC ki pi pèfòman pa rapò ak kritè kòdinasyon an ak rezo a pran pa rapò ak objektif yo fikse, amelyore sa ki pou amelyore, fè suivi pwojè men plis toujou deside ansanm sou baz pèspektiv CLAC yon nan kominote yo repatisyon mwayen sibvansyon pou ranfòse aktivite yo direksyon jeneral konn akòde.
« yon kad travay konsa, ki louvri, transparan te enpòtan pou nou atenn objektif yo. Te gen anpil pasif pou jere pa t gen lòt altènativ ke enplike premye konsène yo nan solisyon nou te vle pote a. Sa pèmèt pa egzanp lè nou bay yon CLAC tan nan sibvansyon nou konn rive mobilize yo e yon lòt tan ki pa egal youn ak lòt pa rapò ak pwpopozisyon yo, li sèlman ranfòse dinamik la paske tout desizyon yo diskite e tout responsab yo patisipe. Rezilta a vin rezilta tout rezo a »
11 509 abone, 568 aktivite reyalize ak anviwon 127 665 vizitè soti janvye pou rive out 2024, se bilan rezo CLAC la atenn pandan li tap kòdone rezo CLAC-BM nan malgre yon kontèks difisil san konte statistik bibliyotèk minisipal yo ke Francois Nedje Jacques rekonèt ki nan yon enpas difisil, ki manke ankadreman ak suivi nesesè men ki rete konfyan si responsab DNL yo kenbe menm volonte a ap panche sou yo pou ede remonte pant la.
« M pa fè efò prepare rapò, m jis rasanble tout sa m te soumèt, travay ak rapò pandan lane a. Tout kesyon ki ta ka poze ak baz pou kontinye ranfòse rezo a la. M te toujou konsyan de pozisyon mwen ak kont m’ap gen pou m rann paske se nan sektè map evolye map travay. Li enpòtan pou ou fè tout sa wap fè byen, pou si yon moun kèlkonk ta anvi remete an kesyon kalite travay ou oubyen pale ou mal, pou se manti sèlman li ka bay »
Yon pasyon pataje
Avèk anpil imilite, Nedje toujou refere l ak ekip kolaboratè li toujou genyen yo. Nan asosyasyon an se tout benevòl yo. Nan DNL se animatè CLAC yo ak kèk anplwaye epi responsab nan biwo santral. Pou li se tout yon ekip ak moun ki pataje menm pasyon : wè Ayiti yon lòt jan e liv se youn nan pi bèl zèl kat ki dwe jwe.
Gen anpil lòt pwojè ki nan kouti, tout yon fason ou yon lòt ki konsène liv ak edikasyon. Pou pitit Senmak la, ki fyè de orijin li pandan li konsatre pou touche tout kote nan peyi a, konba pou plis aksesibilite ak liv ak lakilti se yon nesesite pou bati yon lòt Ayiti.
Richardson Pierre Calixte
Accéder à cette vidéo
Discussion à propos de post