RHJS - Réseau Haïtien de Journalistes en Santé
  • Accueil
  • Webmail
  • Registre d’inscription
  • Nous contacter
lundi 19 mai 2025
  • Connexion
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
Advertisement
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats

Aba zak vyolans sou fanm, vwa m konte

Refleksyon / Sa m panse

La Rédaction Par La Rédaction
21 mai 2024
Dans Actualités, Nationales
0
Violence sexuelle, un véritable problème de santé publique

Stop à la violence sexuelle

0
PARTAGES
66
VUES
Partager sur FacebookPartager sur Twitter

 

Fanm ki sibi zak vyolans pa dwe nan kache, nou dwe pale byen fò pou nou denonse zak la ak tout agresè a. Poukisa tout moun ap pale de vyolans kap fèt sou fanm kòm vyolasyon dwa limanite epi tout fanm ki sibi zak la deside fè silans ? Pawòl Nayka,  yon fanm 30 lane ki te sibi zak sa yon fwa nan vil.

Indeed Gabriel

Selon OMS daprè etid ki te fèt en 2013, nan mond lan yon fanm sou twa viktim zak vyolans fizik oubyen seksyèl. Li enpotan pou nou edike popilasyon se pa selman fi pou konn le li sibi zak vyolans, men tout moun alawonnbadè pou yo ka konnen ki konsekans vyolans ka genyen sou lavi yon moun.

Violences sexuelles : Stop

Vyolans se itilizasyon fòs oubyen pouvwa li kapab fizik ou mantal pou ka destabilize, touye oubyen kontrenn yon moun fè yon  aksyon ki pa depann de volonte li.

Li kapab pran divès fòm ; sak enpotan se konn kouman pou detektel e koupe sik vyolans lan. Genyen vyolans fizik, vyolans konjigal, vyolans ekonomik, e vyolans k ap fèt sou fanm pati ki enterese nou nan atik sila.

Sosyete patriakal la fè konprann fanm se yon èt ki fèb emosyonèlman depi w destabilize l li pa gen pyès pwisans ankò. Vyolans kap fèt sou fanm se yon abi pouvwa pou rann fanm lan vilnerab epa pwodiktif  paske pou kèk moun nan sosyete a fanm reprezante yon menas.

Vyolans kap fèt sou fanm manifeste sou twa fòm jeneralman vyolans fizik, seksyèl ak sikolojik.

Kisa vyolans fizik la ye ?

Stop à la violence sexuelle

Li anglobe anpil zak tankou baton, kout pwen, brile, mòde oubyen tout zak ki ka atenn yon moun fizikman, ki ka pote domaj lakay li. Se sak fè edikasyon ak sansibilizasyon enpotan anpil pou nou kwape zak sila, nou tout gen dwa pou nou alèz nan menm anviwonnman san ke nou youn pa reprezante yon danje pou lòt.

Kisa vyolans seksyel la ye ?

Se tout tantiv ki itilize pou rantre nan relasyon seksyel ak yon moun san konsantman li endepandaman de relasyon ki konsenè viktim lan. Li gen yon konsekans grav sou sante fizik ak sante mantal viktim lan.

Kisa vyolans sikolojik la ye ?

Li difisil pou rekonèt tip vyolans paske li fèt sou plizye fòm, objektif la se brize entegrite ak diyite viktim lan. Li ka gen yon gwo enpak sou devlopman pèsonel viktim lan. Se atak ak move pawòl, kritik, entimidasyon, elatriye.

Tout fanm ki sibi vyolans pa gen menm konpòtman, genyen ki vin konprann ke lavi pa gen sans, genyen ki vin agresif pou yo ka pwoteje tèt yo, genyen ki pote blesi a pou lavi, yo vin difisil pou fè moun konfyans e konpòtman sa fè yo vin tonbe nan depresyon. Lè konsa byennèt jeneral yo afekte.

Ann nou pale medam vwa nou konte pou chanje kominote n ap viv, si nou pa denonse agresè yo y ap two alèz pou kontinye destabilize nou pa tout mwayen pou pwouve nou yo gen pouvwa.

Mwen pa ka sibi vyolans sou kontèks ke se mwen ki te antò, swa mwen fè patenè mwen fache, mwen gen bel kò, visaj mwen atiran, oubyen mwen te abiye twò sexy. Se dwa m pou m viv lavi m jan sa fè m plezi, se dwa m pou m egziste nan tout entegralite m, pyès nan sa m sot site la yo pa bay yon moun dwa atenn mwen sou nenpòt fòm. Se bazik sa nou dwe konnen antanke fanm.

Medam ann aprann konstwi fanm ki gen kouraj, detèminasyon, ki konnen dwa li ak devwa li e ki konprann enpak deklarasyon l genyen pou kwape zak sa k ap wonje sosyete nou an jouk nan zo. Ansanm an n fè vwa nou fè yon sèl pou nou jwenn plas nou nan sosyete a san prejije.

Nou pap wont se yo ki pou wont, nou pa responsab si nou viktim, ann denonse yo, pou nou kwape zak vyolans kap fèt sou fanm sou tout fòm.

Indeed Gabriel

Yon videyo pou gade

PUBLICITÉ
Etiquettes: #Fanm#VyolansAbus sexuelDroits humainsMSPPRHJS
Post précédent

L’endométriose, une maladie chronique qui touche une femme menstruée sur dix

Post suivant

Sissi Lamour fait le point sur le projet SMSPS de la Fondation Sérovie

La Rédaction

La Rédaction

Le Réseau Haïtien de Journalistes en Santé (RHJS) est un outil de référence pour des informations de santé regroupant des journalistes qui œuvrent dans le domaine de la santé en Haïti.

Connexe Posts

Visite au centre de vaccination de l’Hôpital Saint Antoine
Actualités

L’équité au cœur des interventions nutritionnelles

19 mai 2025
Actualités

Haïti saigne ses soignants : le cri du silence après  le Dr. Nadia Phaïmyr Jean-Charles

16 mai 2025
Parler à nos enfants de la mort
Actualités

Projet en Amérique pour un pays à la dérive

14 mai 2025
Actualités

Le journaliste Dessources Dieumaître gravement fracturé dans un accident à Delmas

12 mai 2025
Élections au RHJS : l’appel à candidature est lancé
Actualités

Elections au poste de responsable de l’administration au RHJS

8 mai 2025
Première journée de la formation des journalistes sur la malaria
Actualités

Les inondations, facteurs de recrudescence des cas de malaria en Haïti

8 mai 2025
Post suivant
Sissi Lamour fait le point sur le projet SMSPS de la Fondation Sérovie

Sissi Lamour fait le point sur le projet SMSPS de la Fondation Sérovie

Discussion à propos de post

PUBLICITÉ

Notes de presse

Lancement d’HPay Cash, une plateforme de paiement mondiale actuellement en Haïti
Actualités

Lancement d’HPay Cash, une plateforme de paiement mondiale actuellement en Haïti

Par La Rédaction
10 octobre 2024
0

« La raison d’être de Heyseller Pay / HPay : éliminez les barrières entre les transactions dans le monde entier ; c’est à dire...

Lire plus

Publication de la liste des dix finalistes de la 3e édition du Prix Dr Odilet Lespérance

Poursuite de l’Assemblée générale ordinaire 2022 du RHJS

Une exposition de photos en hommage au Dr Odilet Lespérance

Tentative d’assassinat sur le journaliste de carrière, Roberson Alphonse

Derniers posts

Visite au centre de vaccination de l’Hôpital Saint Antoine

L’équité au cœur des interventions nutritionnelles

19 mai 2025

Prévention des maladies d’origine hydrique après les inondations en Haïti

19 mai 2025

Haïti sous le feu des projecteurs à l’Université Barry en Floride

18 mai 2025
Fête du Drapeau, ce qui nous reste d’héritage

18 mai : le drapeau dans le cœur, la santé dans l’action

17 mai 2025

Haïti saigne ses soignants : le cri du silence après  le Dr. Nadia Phaïmyr Jean-Charles

16 mai 2025
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
  • Registre d’inscription
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous
Téléphone : +509-3832-2925

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht

Bon retour!

Connectez-vous à votre compte ci-dessous

Mot de passe oublié?

Récupérez votre mot de passe

Veuillez entrer votre nom d'utilisateur ou votre adresse email pour réinitialiser votre mot de passe.

S'identifier
Aucun résultat
Voir tous les résultats
  • Connexion
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht