IDEJEN kreye yon bèl pretèks pou sansibilize 400 timoun sou lijyèn nan kan deplase lise Marie Jeanne

Repòtaj

 

Ekip repòtè emisyon Byennèt Rezo ayisyen jounalis lasante te sou teren jounen vandredi ki te 5 avril 2024 la nan kan lise Marie Jeanne ki chita nan premye ri Lavaud, Bwa vèna. Jounalis miltimedya yo te deplaye sou divès aspè reyalite kan deplase sa. An n fè yon gwo plan sou jounen rekreyativ ak sansibilizasyon Inisyativ pou Devlopman Jèn (IDEJEN) te òganize pou anviwon 400 timoun nan nouvo lokal lise a.

Jobenson Andou

Deplase yo nan kan yo gen anpil bezwen. Yo pèdi tout bagay. Inisyativ pou Devlopman Jèn (IDEJEN) òganize pou 400 timoun anviwon yon bèl anbyans. Yon veritab rekreyasyon. Ti fi ak ti gason ap sote kòd. Genyen k ap jwe marèl. Tout yon ekip ap jwe boul, lòt ap jwe kat. Bèl anbyans nan lise Marie Jeanne, yon kan ki gen pase 6000 moun k ap viv.

Vue partielle du camp de déplacés du lycée Marie Jeanne

Fokis sou Synderlie

Nan gwoup timoun k ap jwe yo, Synderlie, 14 ans, li pami deplase Kafoufèy yo. Vizaj li pa mare, men l ap eseye pase yon strès menm jan ak lòt konpayon l yo.  Ti rekreyasyon sa a fè l sonje yon tan ki pa twò lwen.  «Nou te alèz lè nou te Kafoufèy. Nou pa bò isit la depi 8 mwa. Nou kite kay nou. Se pa menm vi a n ap mennen nan kan sa. Adye ! Tristès. Pou nou kapab chase yon kalkil, nou jwe. Pa egzanp, lè m ap sote kòd ki se jwèt mwen renmen anpil, tout pwoblèm mwen ale. »

Pami 2000 timoun k ap viv nan kan sa, Synderlie rive nan uityèm ane fondamantal. Depi ensekirite a chase paran n menm jan ak plizyè milye moun, li tonbe nan yon refleksyon. Li ta renmen tounen lekòl. Men, li pa ka bay tèt li manti. Li konnen sa a pa posib. Jan peyi sa a ye la, vi l t ap mennen avan an pa pou demen.

Poutan, Synderlie kwè nan rèv li, men jan ak tout timoun ki nouri lespwa nan yon desten miyò. Rèv ti adolesant sa, pou jan l pale, se pa kondisyon l ap viv la ki ka tiye l.

Ki sa l syete menm ? Synderlie deklare : « Tout sa m swete se retounen lakay mwen. M ta renmen reprann kou m yo. Lè yon moun ale lekòl, ou gen posibilite pou w fè yon bagay ak vi w. Mwen menm mwen ta renmen vin yon medsen. Mwen konnen si m vin doktè mwen kapab retire paran m nan malsite. »

Pandan yon pati nan lakou lise a ap boudonnen ak aktivite rekreyativ IDEJEN, lòt pwofesyonèl enfòmasyon ekip Rezo ayisyen jounalis lasante ap travay kote pa yo. Konsa, plizyè fenèt, plizyè ang ouvè sou reyalite kan sa. Y ap fè foto, y ap filme, y ap bay lapawòl.

IDEJEN li menm konsantre sou timoun yo. Genyen k ap fè espò : sa k ap fè lago, sa k ap jwe baskèt. Solèy cho a ki kale je l nan lakou a pa ba yo pyès pwoblèm. Chak moun ap regle zafè pa yo. Isit la, jwèt lespri menm jan ak espo fizik bay lanmen pou yon bon rekreyasyon.

Jwèt kat

Berthony Metellus, ki se kowòdonatè IDEJÈN, li sèvi ak jwèt kòm pretèks avèk ekip li a, pou l sansibilize timoun yo sou kesyon lijyèn ak kolera. Menm jan ak timoun yo, kowòdonatè a swe tou. Pou li : « IDEJEN se yon òganizasyon ki mete jèn yo nan sant aktivite l. Lè n ap gade tout pwoblèm timoun yo ap travèse, nou vin jwe ak yo pou n fè tout strès vole gagè. Nou jwe ak timoun yo epi nou ba yo manje pandan tan n ap pase ak yo. Ou ka wè sou vizay yo lakontantman »

IDEJEN ki rive mobilize timoun yo gras ak yon ankadreman INICEF, pa sèlman jwe ak timoun yo, li rantre tou nan kesyon ediksayon nan kan yo, pou lespri timoun yo pa fin dekonekte ak lekòl. Pi pitit yo jwenn monitè pou yo aprann li ak ekri. Ti moun kou wè Synderlie, ki pi gran, rive fè bèl objè atizana apati materyo rekiperasyon.

Jobenson Andou

Videyo repòj. Klike la.

jobensonandou@icloud.com

Quitter la version mobile