RHJS - Réseau Haïtien de Journalistes en Santé
  • Accueil
  • Webmail
  • Registre d’inscription
  • Nous contacter
mardi 20 mai 2025
  • Connexion
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
Advertisement
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats

Yon tren laswenyaj pou klotire ane 2023 a

La Rédaction Par La Rédaction
4 janvier 2024
Dans Actualités, Nationales
0
Yon tren laswenyaj pou klotire ane 2023 a
0
PARTAGES
90
VUES
Partager sur FacebookPartager sur Twitter

CEMED

Jounen vandredi 30 desanm 2023 a, Centre medical docteur Descolines (CEMED) ki chita ko l nan #5, Delma 17 klotire yon aktivite sou lasante yo batize tren laswenyaj. Li te apenn 10 e nan maten, plis pase yon senkanten moun te deja nan lakou sant lan pou benefisye sevis yap ofri.

Par Jobenson ANDOU

Dokte Johnny Descolines, direkte Centre medical dorcteur Descolines nan (CEMED), pat manke eksprime santiman li apre aktivite sa a pou li ki se yon reyisit : « Isit la, nan CEMED, nou gen yon pwogram klinik mobil. Chak ane nou oganize 150 a 200 klinik mobil nan kapital la ak lot vil pi lwen selon jan sa posib. Nou te vle klotire ane sa a an bote, se sa ki mennen ou oganize aktivite sa a nan lokal nou an. La nou pwofite sansibilize moun yo sou eta sante yo, nou pemet yo we espesyalis nou yo, nou ba yo medikaman tou. »

Barye gran louvri, yon spot odyo ap kontinye klewonnen mesaj sou aktivite a, yon tab men longe nan bo goch antre sant medikal ranpli ak dives kalite medikaman, enfimye ap monte desann pou mache aktivite a, anpil moun ap tann kile yap rele yo, jou vandredi 29 desanm 2023 a, anbyans lan te byen cho nan CEMED. Nan mitan kondisyon peyi a ki tet anba jan nou kapab konstate, se anpil deteminasyon pou yon moun genyen pou oganize aktivite konsa. Lew ap tande dokte a, ou reyalize li pa manke karakteristik sa : « Déjà pa genyen lopital jan sa ta dwe ye nan peyi a, nou estime si nou fe moun yo pran swen tet yo yon fason, nap ede redui kantite moun kap mouri ak maladi pafwa yo pa menm konnen, se nan optik sa nou te oganize karavan medikal sa nap klotire isit la nan CEMED. Sa ki enpotan pou nou nan aktivite klinik mobil nou yo se fe moun yo panche sou eta sante yo, aji yon fason pou prezeve tet yo fas on paket maladi ki ka men etenn souf yo. Jan jounalis yo souvan di moun ki gen enfomasyon se li ki gen pouvwa, depi popilasyon an konn sa pou l fe, ki prekosyon l dwe pran, n ap resanse mwens maladi nan sosyete a. »

Si w tap tande radio mega oubyen radio la voix de l’Evangile pandan jou pase yo ou tap tande anons aktivite sa a ki konnen fen li jounen vandredi 29 desanm nan. « Nou konsyan de difikilte pou moun yo deplase, nou te pran risk la nan plas yo, pou pote swen an lakay yo. Padan aktivite sa, chak jou, depi 9 e nan maten pou rive 4 e nan lapremidi, nou ofri anpil sevis tankou konsiltasyon jinekoloji, tyekop jeneral, konsiltasyon dante ak anpil lot. Gras ak kek patne tankou PLURIMED, SANOFAR, CANURSE ki ban nou sipo yo, nou rive bay moun yo medikaman gratis tou. Ane pase nou te fe 150 klinik mobil, malerezman, ane sa a ak jan kondisyon peyi a ye, se Selman 50 nou rive fe. Gen previzyon nou te fe pou kek zon tankou, Okay, Senmak, Jakmel, Belade nou pa rive ale. Men malgre difikilte, nou te rive touche site Jeremi, Delma 19, Delma 30, site Okay, Laplen, Santo 19, Taba ak lot anko. »

Menm jan plizye radyo ak televizyon ap fome popilasyon an sou ekonomi, dokte a estime li tap bon si on kantite pwofesyonel ta mete yo disponib pou ede popilasyon an ak kondisyon sante yo. Le fe konnen se pyon sa CEMED ap poze pou ede amelyore kondisyon sante nan peyi a.

Pou ane 2024 la, Dr Johnny Descolines ak ekip li gen je yo fikse sou yon objektif : reyalize 500 klinik mobil nan tout ko peyi a. Suivan sa li fe konnen « Pou sa rive fet, fok kondisyon sekirite a amelyore. Lot bagay ki enpotan, nou vini ak yon pwogram pou kontribye nan objektif 2030 peyi a vize. Pwogram sa ap pemet anpil moun teste pou konnen estati sewolojik yo. Byen ke anpil moun pe, gen sa ki selman rete kwe yo pa malad men, nap sansibilize yo, nap fe tes pou yo, pou mete sou medikaman tout moun ki teste pozitif ak viris VIH la pou gen yon popilasyon djanm. N ap pwofite mande sipo ak tout enstans ki ta ka ede nou rive pi lwen nan vizyon sa. Nou pa gen mwayen ase pou touche tout moun men si lot fos mete sou sa nou gen déjà asireman nap rive pi lwen. »

Selon Dr Johnny Descolines, pito ou konn estati sewolojik ou, ou rete sou medikaman olye yon maladi atenn yon nivo grav epi mete laviw an danje. Li fe konnen CEMED antre nan batay la epi mande konkou enstans kap mennen lit kont VIH ak lot maladi kontajye yo. Tankou pwoveb la dil, anpil men chay pa lou.

Jobenson ANDOU,

Jobensonandou@icloud.com

En un clic regardez cette vidéo

 

 

PUBLICITÉ
Etiquettes: #CEMED#Centre medical docteur Descolines#SoinsSanté
Post précédent

Les avantages de la vaccination de la mère pour son enfant 

Post suivant

Une quatrième cohorte de 50 femmes haïtiennes modèles et inspirantes mise sous les feux des projecteurs

La Rédaction

La Rédaction

Le Réseau Haïtien de Journalistes en Santé (RHJS) est un outil de référence pour des informations de santé regroupant des journalistes qui œuvrent dans le domaine de la santé en Haïti.

Connexe Posts

Actualités

Prévention des maladies d’origine hydrique après les inondations en Haïti

19 mai 2025
Actualités

Haïti saigne ses soignants : le cri du silence après  le Dr. Nadia Phaïmyr Jean-Charles

16 mai 2025
Actualités

Le journaliste Dessources Dieumaître gravement fracturé dans un accident à Delmas

12 mai 2025
Actualités

Haïti : il était une fois un plan d’extermination pour tout un peuple

30 avril 2025
Actualités

Du haut de quatre-vingt-neuf printemps, madame Franck Paul encore debout au Canapé-Vert

24 avril 2025
Journée mondiale de la santé : le RHJS tire la sonnette d’alarme
Actualités

Journée mondiale de la santé : le RHJS tire la sonnette d’alarme

8 avril 2025
Post suivant
Une quatrième cohorte de 50 femmes haïtiennes modèles et inspirantes mise sous les feux des projecteurs

Une quatrième cohorte de 50 femmes haïtiennes modèles et inspirantes mise sous les feux des projecteurs

Discussion à propos de post

PUBLICITÉ

Notes de presse

Lancement d’HPay Cash, une plateforme de paiement mondiale actuellement en Haïti
Actualités

Lancement d’HPay Cash, une plateforme de paiement mondiale actuellement en Haïti

Par La Rédaction
10 octobre 2024
0

« La raison d’être de Heyseller Pay / HPay : éliminez les barrières entre les transactions dans le monde entier ; c’est à dire...

Lire plus

Publication de la liste des dix finalistes de la 3e édition du Prix Dr Odilet Lespérance

Poursuite de l’Assemblée générale ordinaire 2022 du RHJS

Une exposition de photos en hommage au Dr Odilet Lespérance

Tentative d’assassinat sur le journaliste de carrière, Roberson Alphonse

Derniers posts

Prends ta plume pour le concours de dissertation 2025 du Centre Muse Haïti

19 mai 2025
Visite au centre de vaccination de l’Hôpital Saint Antoine

L’équité au cœur des interventions nutritionnelles

19 mai 2025

Prévention des maladies d’origine hydrique après les inondations en Haïti

19 mai 2025

Haïti sous le feu des projecteurs à l’Université Barry en Floride

18 mai 2025
Fête du Drapeau, ce qui nous reste d’héritage

18 mai : le drapeau dans le cœur, la santé dans l’action

17 mai 2025
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
  • Registre d’inscription
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous
Téléphone : +509-3832-2925

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht

Bon retour!

Connectez-vous à votre compte ci-dessous

Mot de passe oublié?

Récupérez votre mot de passe

Veuillez entrer votre nom d'utilisateur ou votre adresse email pour réinitialiser votre mot de passe.

S'identifier
Aucun résultat
Voir tous les résultats
  • Connexion
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht