RHJS - Réseau Haïtien de Journalistes en Santé
  • Accueil
  • Webmail
  • Registre d’inscription
  • Nous contacter
lundi 19 mai 2025
  • Connexion
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
Advertisement
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats

Defi TikTok /Konkou videyo amatè sou sante timoun

La Rédaction Par La Rédaction
18 avril 2023
Dans Actualités, Nationales, Publications
0
Defi TikTok /Konkou videyo amatè sou sante timoun

Tiktok

0
PARTAGES
21
VUES
Partager sur FacebookPartager sur Twitter

Tèm referans

Kontèks

Nan mwa dawout 2022, Unicef antreprann yon patenarya ak Rezo Ayisyen Jounalis pou Lasante (RHJS). Paternarya sa a te fèt nan lide pou reyalize yon kanpay kominikasyon ki pote non «Campagne de communication multimédia sur la vaccination et les pratiques familiales essentielles ». Pami aktivite ki te prevwa nan kad  kanpay sa a, te gen yon defi (challenge) sou TikTok ki gen pou wè ak lasante, sou sante timoun.

Koze sante timoun yo nan tèt lis, pami divès lòt traka k ap sakaje sistèm sante peyi a. Chif ki disponib yo klè sou sa. Daprè yon ankèt ki pote non EMMUS IV(2018), sou chak 1 000 timoun ki fèt, 59 ladan yo mouri avan yo gen yon lane. Selon menm ankèt la, sèlman 41% timoun ki gen mwens ke de lane rive pran tout vaksen li ta sipoze pran.

Apre aspè sa yo, gen koze maltrete timoun nan, koze malnitrisyon an, koze timoun ki ekspoze a bagay ki pa apwopriye pou laj yo san konte timoun ki pa al lekòl. Tout bagay sa yo gen efè sou sante mantal ak fizik timoun yo epi anpeche yo byen grandi, byen devlope.

Tiktok

Konkou sa a, k ap fèt pandan n ap detann nou, envite itilizatè TikTok yo pou yo fè yon videyo ki prezante yon mizansèn sou jingle « Ti moun yo », yon mizik ki veyikile mesaj ki lye ak sa paran yo dwe fè pou kenbe timoun yo an sante. Mizik la abòde plisyè aspè  nan zafè sante timoun yo: nitrisyon, vaksinasyon, planin, ijyèn elatriye. Patisipan yo lib pou mete aksan sou aspè yo pi pito pami sa ki trete nan mizik la.

Mizik : Timoun yo.

Hashtag : #SanteTimounYo

Medyòm: Yon ti videyo ki pote mesaj sou sante timoun. Mizansèn nan ka fèt atravè dans, mim, sketch, teyat, montaj sou yon fòma pedagojik ou nenpòt lòt fòm ki ka fè pase mesaj ou vle pase a. Nou bay plas pou kreyativite.

Dire videyo a: Videyo a ka gen menm dire ak mizik la kise 1 minit 53 segond. Konsa tou, enterese yo ka pran yon ekstrè nan mizik la pou fè videyo a. Si se yon ekstrè, li pa gen dwa pi piti pase 45 segond.

Dire chalenge lan : Soti 17 avril pou 1e Me a midi. Vòt ki fèt aprè dat sa a pap kontwole. Aprèsa, RHJS ap kominike ki dat l ap fè seremoni pou remèt pri yo e se nan seremoni sa a n ap konnen gayan yo.

Jan yap deziyen gànyan yo:

Chwa gayan yo ap fèt an 2 pati. Dabò, n ap chwazi 10 videyo ki fè plis enpak sou TikTok yo, sa vle di ki touche plis moun. Men kòman kalkil la ap fèt: Like = 1 pwen; komantè = 2 pwen; Pataj = 3 pwen. Pou komantè ak pataj yo, n ap konsidere itilizatè inik.

Aprèsa, yon jiri ki gen 3 moun ap analize videyo 10 finalis yo pou detèmine kiyès ki gayan. Jiri a ap analize videyo yo selon kritè sa yo: èske videyo an respekte sijè nou an, èske mesaj li a pètinan, èske videyo a pa gen pwoblèm etik oubyen èske li pa pote atent a dwa moun, kalite teknik ak estetik videyo, epi si moun nan kreyatif.

Gayan yo : ap gen 5 gànyan. Men y ap konsidere 10 moun ki fè plis enpak sou TikTok yo pou final la e tout finalis yo ap sòti ak yon prim.

Premye pri : 25 000

Dezyèm pri : 20 000

Twazyèm pri : 15 000

Katriyèm pri : 10 000

Senkyèm pri : 5000

NB : Senk premye gànyan yo ap jwenn lòt prim ankò epi 5 lòt moun ki fè plis nòt yo ap jwenn prim konsolasyon.

Kijan pou moun patisipe :

  • W ap ranpli fòmilè pou enskri nan konkou a ki disponib la.
  • W ap abòne a kont TikTok RHJS la : @rhjshaiti
  • W ap pibliye videyo ou fè a sou pwòp kont TikTok ou (apati 17 avril) ak hashtag #SanteTimounYo epi lè ou fin pibliye li, w ap voye lyen an pou nou sou nimewo whatsapp sa a 3832 2925. NB: Ou ka ranpli fòmilè a (enskri) depi lè ou wè l la pou jis rive 28 avril 2023.

Moun ki ka patisipe: Fòk moun nan ap viv ann Ayiti. Si yon moun pa ko gen 18 an, paran li ka ranpli yon fòmilè otorizasyon pou li.

Kantite moun pou videyo a: Yon sèl moun ka fè videyo a, konsa tou plizyè moun ka fè li ansanm. Si se plizyè moun ki fè li sansanm, gwoup la ap deziyen yon moun pou enskri. Epi, nan ka gwoup la ta sòti pami gayan yo, yap pataje sèl pri (ak prim) nan.

NB : Remiz pri a ap fèt Pòtoprens. Si ou pami 10 finalis yo men ou pap viv Pòtoprens, se ou k ap responsab deplasman ou. E si ou pa ka deplase se ou ki ap responsab pou ou fè rekipere pri a pou ou.

Pou tout lòt enfòmasyon ekri sou nimewo whatsapp sa a : 3832 2925.

 

 

 

PUBLICITÉ
Etiquettes: ConcoursMSPPRHJSUNICEF
Post précédent

À Orlando, Jhon Steve Bruenasch est honoré à la clôture du concours de musique qui porte son nom

Post suivant

Mme Franck Paul, une enseignante exceptionnelle

La Rédaction

La Rédaction

Le Réseau Haïtien de Journalistes en Santé (RHJS) est un outil de référence pour des informations de santé regroupant des journalistes qui œuvrent dans le domaine de la santé en Haïti.

Connexe Posts

Visite au centre de vaccination de l’Hôpital Saint Antoine
Actualités

L’équité au cœur des interventions nutritionnelles

19 mai 2025
Actualités

Haïti saigne ses soignants : le cri du silence après  le Dr. Nadia Phaïmyr Jean-Charles

16 mai 2025
Parler à nos enfants de la mort
Actualités

Projet en Amérique pour un pays à la dérive

14 mai 2025
Actualités

Le journaliste Dessources Dieumaître gravement fracturé dans un accident à Delmas

12 mai 2025
Élections au RHJS : l’appel à candidature est lancé
Actualités

Elections au poste de responsable de l’administration au RHJS

8 mai 2025
Première journée de la formation des journalistes sur la malaria
Actualités

Les inondations, facteurs de recrudescence des cas de malaria en Haïti

8 mai 2025
Post suivant
Mme Franck Paul, une enseignante exceptionnelle

Mme Franck Paul, une enseignante exceptionnelle

Discussion à propos de post

PUBLICITÉ

Notes de presse

Lancement d’HPay Cash, une plateforme de paiement mondiale actuellement en Haïti
Actualités

Lancement d’HPay Cash, une plateforme de paiement mondiale actuellement en Haïti

Par La Rédaction
10 octobre 2024
0

« La raison d’être de Heyseller Pay / HPay : éliminez les barrières entre les transactions dans le monde entier ; c’est à dire...

Lire plus

Publication de la liste des dix finalistes de la 3e édition du Prix Dr Odilet Lespérance

Poursuite de l’Assemblée générale ordinaire 2022 du RHJS

Une exposition de photos en hommage au Dr Odilet Lespérance

Tentative d’assassinat sur le journaliste de carrière, Roberson Alphonse

Derniers posts

Visite au centre de vaccination de l’Hôpital Saint Antoine

L’équité au cœur des interventions nutritionnelles

19 mai 2025

Prévention des maladies d’origine hydrique après les inondations en Haïti

19 mai 2025

Haïti sous le feu des projecteurs à l’Université Barry en Floride

18 mai 2025
Fête du Drapeau, ce qui nous reste d’héritage

18 mai : le drapeau dans le cœur, la santé dans l’action

17 mai 2025

Haïti saigne ses soignants : le cri du silence après  le Dr. Nadia Phaïmyr Jean-Charles

16 mai 2025
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
  • Registre d’inscription
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous
Téléphone : +509-3832-2925

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht

Bon retour!

Connectez-vous à votre compte ci-dessous

Mot de passe oublié?

Récupérez votre mot de passe

Veuillez entrer votre nom d'utilisateur ou votre adresse email pour réinitialiser votre mot de passe.

S'identifier
Aucun résultat
Voir tous les résultats
  • Connexion
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht