MOFADNIP: yon nouvo souf lidèchip fanm nan Depatman Nip

 

Nan yon kontèks kote dwa fanm yo toujou ap sibi menas epi patisipasyon fanm nan lavi piblik toujou limite, Mouvman Fanm pou Devlopman Nip (MOFADNIP) leve kanpe kòm yon estrikti solid pou chanje dinamik la. Depi mwa jen 2024, òganizasyon sa a ap travay san pran souf pou ranfòse kapasite fanm ak kreye plis espas kote yo kapab jwe wòl lidè nan Depatman Nip la.

Mouvman Fanm pou Devlopman Nip, ki pi byen konnen sou non MOFADNIP, pran nesans nan mwa jen 2024 nan vil Miragwàn. Estrikti sa a, ki reyini fanm ki sòti nan plizyè komin ak seksyon riral nan Depatman Nip la, vin pote yon nouvo enèji nan lit pou dwa fanm pou ogmante prezans fanm nan zafè lidèchip nan peyi Ayiti.

MOFADNIP, lidèchip fanm nan Depatman Nip

Daprè kòdonatris mouvman an, Lemaine Raphaela, objektif prensipal MOFADNIP se “milite pou dwa fanm pandan yo plis akse sou lidèchip fanm nan depatman Nip peyi d Ayiti”. Estrikti a rive rasanble anviwon 60 fanm, majorite ladan yo se jèn inivèsitè ki vle sèvi sosyete yo epi kontribye nan devlopman kominote yo. Komite santral la fòme ak Lemaine Raphaela kòm kòdonatris, ansanm ak Yasmine Antoine kòm sekretè adjwen, Marie-Berline Duval kòm sekretè jeneral, ak Georges Nadechna ki fè pati ekip la tou.

Dapre sa Kòdonatris Lemaine Raphaela fè konnen, “depi kreyasyon MOFADNIP, estrikti a deja òganize plizyè jounen refleksyon sou lidèchip fanm, ansanm ak atelye pale sou dwa fanm nan plizyè seksyon riral nan Depatman Nip peyi d Ayiti”. Aktivite sa yo fèt ak objektif pou pouse fanm yo vin pi konsyan de dwa yo, rekonèt kapasite yo epi pran plis espas nan lavi sosyal ak kominotè.

MOFADNIP prezante tèt li kòm yon estrikti ki byen konsyan de reyalite difisil anpil fanm ap viv nan peyi a. Se nan lide pou bay jarèt ak fanm epi fè fanm yo vin pi dinamik ak konnen dwa yo, estrikti a vle sèvi kòm yon pilye ki soutni fanm yo, e ki ankouraje yo pou yo leve kanpe pou defann enterè yo.

Nan mwens pase yon ane, mouvman an deja make prezans li kòm yon aktè enpòtan nan Depatman Nip la. Avèk angajman li, MOFADNIP pa sèlman ap defann entegrite ak libète fanm yo, men li ap bati yon jenerasyon lidè fi ki pare pou pote chanjman dirab. Se yon vwa nouvo ki leve, yon fòs chanjman ki anonse yon avni pi ekilibre ak pi jis pou fanm nan Nip.

Feguerson Fegg THERMIDOR
ecrivainfeguersonthermidor@gmail.com

Quitter la version mobile