Pawòl nou se memwa nou, liv nou se tras nou, e idantite nou pran fòs lè nou rekonèt tèt nou nan lang pa nou. Se nan lespri sa a Festival Entènasyonal Literati Kreyòl 2025 lan leve vwa li anba tèm “Li! Li! Li kreyòl!”, yon apèl pou tout kreyolofòn ranfòse lanmou ak angajman yo pou lekti, ekriti ak pwomosyon literati kreyòl.

Festival Entènasyonal Literati Kreyòl ane 2025 la chwazi pote yon tèm ki sonnen tankou yon lòd dous: “Li! Li! Li kreyòl!”. Se pa sèlman yon slogan, men yon apèl fò ki vize tout kreyolofòn sou latè pou n pran responsabilite moral ak istorik nou: soutni, pwoteje ak devlope literati nan lang manman nou.
Nan okazyon sa a, òganizatè festival la mete aksan sou tout efò ki deja egziste: ekriven, powèt, lengwis ak entelektyèl k ap ekri nan kreyòl; mezon edisyon ki pran chans pibliye nan lang nan; bibliyotèk ak sant dokimantasyon ki fè plas pou liv kreyòl; san bliye fwa liv ak festival liv k ap kreye espas pou ekspoze ak vann liv nan lang nou.

Tèm nan raple nou tou literati kreyòl la pa kòmanse ak nou, li pa sispann avèk nou: gen moun ki te ekri anvan nou, gen lòt k ap kontinye ekri apre nou. Se yon baton flanm nou dwe pase youn bay lòt.
Festival Entènasyonal Literati Kreyòl 2025 lan, atravè apèl sa a, envite chak moun pou li ak fyète nan lang li, pataje liv nan kominote li, epi bay kreyòl la plas li merite nan mond literè a.
https://www.facebook.com/share/p/1FmqGCe9cC/
Videyo kote Pierre Michel Chéry nan FEL












Discussion à propos de post