Nan Asiz konferans nasyonal la k ap dewoule nan otèl Karibe, lendi 10 ak madi 11 fevriye 2025, men tèm ak sou-tèm sa yo ki sèvi pou gide diskisyon yo yon fason pou nou rive ranmase tout pwopozisyon, repons oswa rekòmandasyon ki gen pou wè ak mete kanpe yon lòt Pwojè Sosyete pou Ayiti a. Tout propozisyon sa yo rantre andedan Pwojè revizyon konstitisyon an.
Konferans Nasyonal la vize abòde, nan yon fason konsantman ak enklizif, pwoblèm enpòtan pou sosyete ayisyen an an repons a efondreman jeneral nan estrikti politik ak enstitisyonèl, ekonomik li yo ak, yon lòt bò, a bezwen pou entegrasyon sosyal.
Rankont sa yo pran fòm mobilizasyon sivik ki gen entansyon rasanble divès vwa atravè diferan depatman jeyografik peyi a, san bliye sa ki nan gwo dyaspora ayisyen an.
Se yon kesyon pou pèmèt tout kouch sosyal ayisyen yo, anndan kou deyò, patisipe nan pwosesis pou devlope solisyon pou gwo fenomèn efondreman sosyal, politik, ekonomik ak moral sa a ke peyi nou an ap sibi depi plizyè dizèn ane e ki fèk vin agrave ak dezentegrasyon Leta a, rèy koripsyon an ak devlopman fenomèn gang ame ki vin pi grav. Pou fè fas ak pwoblèm grav sa a efondreman jeneral nan tout estrikti peyi a, se poutèt sa yo rele ayisyen yo reflechi ak fòmile solisyon pwopoze ki asosye ak twa oryantasyon:
Men senk tèm ki mobilize tout lespri nan asis nasyonal la.
Tèm 1 : Montre volonte pou nou viv ansanm. Tèm sa yo te ranplase la rapidman. Li te fòmile konsa : Montre volonte pou n viv nan tèt kole
- Menm idantite, valè, kwayans, tradisyon, istwa ak lang;
- Kontra sosyal : rekonesans dwa ak obligasyon resipwòk ;
- Solidarite sosyal ak nasyonal : redistribisyon richès, kwape inegalite sosyal, jistis ak enklizyon sosyal ;
- Patisipasyon ak entegrasyon politik sitwayen yo nan yon kontèks kote sosyete a atè plat.
Tèm 2 : Satisfaksyon bezwen yo pou kontantman ak byennèt tout moun
- Devlòpman kapasite tout Ayisyen pou yo kapab mennen lavi pèsonèl yo ak pote kontribisyon pa yo nan fonksyònman sosyete a
- Estrateji pou ankouraje moun, biznis ak Leta amelyore pèfòmans yo nan pwodiksyon machandiz ak sèvis yo.
Tèm 3 : Jesyon lavi pèsonèl nou ak nesesite pwosperite nasyon an
- Valorizasyon byen kiltirèl ak istorik, espò ak resous anviwònman an ofri ;
- Eksplwatasyon resous enèjitik ak devlopman estrateji komèsyal yo ;
- Devlòpman kapasite endistriyèl peyi a epitou atire envestisman dirèk etranje.
Tèm 4 : Kontwole menas sou lapè ak sekirite
- Estrateji pou konstwi ak konsolide lapè ak sekirite;
- Enstitisyon ak fòs sekirite nasyonal ki adapte ak defi sekirite yo ;
- Koperasyon entènasyonal nan konbat ensekirite ak krim transnasyonal òganize.
Tèm 5 : Pwojè revizyon konstitisyonèl
- Rejim politik ak relasyon nan mitan twa (3) pouvwa yo ;
- Pati politik yo ;
- Sistèm elektoral ak egzèsis souverènte sitwayen yo ;
- Sistèm administratif ak gouvènans peyi a.
Remake byen, nan gwo evènman sa a k ap deplòtonen nan otèl Karibe a, gen yon kad diskisyon. Patisipan yo nan asiz sa diskite antre yo, nan tèt a tèt dapre plizyè tèm ak sou-tèm, ki pral sèvi pou gide deba yo nan lide pou rive nan pwopozisyon konkrè pou repons oswa rekòmandasyon pou devlopman nan nouvo Pwojè Sosyete pou Ayiti a ki pral fòmalize ak enskri nan Pwojè Revizyon Konstitisyonèl la. Evenman sa ap sèvi kòm baz pou konferans nasyonal la peyi a ap klewonnen depi dikdantan.
Redaksyon RHJS
Pour accéder à cet article, cliquez sur ce lien