Nan jounen konsiltasyon pou tout moun Rezo ayisyen jounalis lasante (RHJS) ki fèt nan lokal rezo a, samdi 28 septanm, jounalis Claude Bernard Sérant rankontre direktè Komisyon medikal kretyèn d’Ayiti a, Doktè Eddy Pépé. Anba je kamera Assade Jean-Louis, pandan yon ti poz, yon respirasyon ant de espas konsiltayson, nou pwofite pou n entèvyouwe doktè a. N ap fè w remake, entèvyou sa nou kapab jwenn li sou tout fòm : odyo, odyovizyèl ak ekri.
RHJS: Doktè Pépé, koman w wè jounen konsiltasyon an paske w la depi m maten ?
Doktè Eddy Pépé : Efektivman, genyen anviwon 3 ak 4 semèn, depi Komisyon medikal kretyèn d’Ayiti ak Rezo ayisyen jounalis lasante planifye jounen sa a: jounen konsiltasyon jeneral, konsiltasyon dèmatolojik, pedyatrik, jinekolojik. Apa
Konsiltasyon sa yo, nou gen yon pòs vaksinasyon ak yon pòs depistaj VIH/Sida. Nou fè jounen an pou gran piblik la, anpatikilye pou popilasyon defavorize yo. E se pou sa menm nou fè konsiltasyon yo gratis. Nou bay pasyan yo medikaman esansyèl yo kont tansyon, kont enfeksyon, kont enflasyon, ak sipò Anbasad Lafrans epi Unicef.
Se yon jounen ki reyisi, paske nou komanse a 9 è nan maten. Li fè 2 zè edmi nou poko tèmine. Nou konsilte, selon mwen menm, plis pase san pasyan. Nou jwenn nan majorite nan yo ka ypètansyon ateryèl, dyabèt, ka enfeksyon irinè. Pou dèmatoloji, nou jwenn ka dèmatoz ; sitou gal, empetigo, lateng, varisèl elariye.
Pou jounen sa a te rive mobilize resouzimèn, lojistik ak mwayen lajan, de asosyasyon yo te travay nan tèt kole pou yo satisfè popilasyon an, sitou sa ki pi gen bezwen yo.
RHJS: Ou di resous. E si nou pale de resouzimèn : ou kapab di nou konbyen medsen, konbyen enfimyè nou rive mobilize ?
Doktè Eddy Pépé : Efektivman nou mobilize pwofesyonèl lasante ki afilye avèk Komisyon medikal kretyèn d’Ayiti. Nou genyen 2 jeneralis nan kad jounen an. Nou genyen 2 dèmatològ, yon jinekològ, yon pedyat. Nou genyen 3 enfimyè. Nou te komanse ak 2 enfimyè, men telman vin gen anpil moun, nou te oblije ajoute yon twazyèm enfimyè pou nou kapab pran siy vito yo rapidman (respirasyon, poul, presyon ateryèl, temperati kò moun nan). Pou nou pèmèt medsen yo travay, nou mete pou fasilite sèvis la 2 ajan, 2 moun ki la pou bay medikaman. Fòk n
ou di, nan kad jounen sa a, nou pa fè egzamen laboratwa sou plas. Men pou ka ki nesesite egzamen laboratwa nou mande yo, gen 2 medsen nou seleksyone pami ekip medikal la k ap fè suivi pou rezilta egzamen sa yo. Natirèlman Propanak tou gen egzamen.
Demann pèp la. Ki repons ?
RHJS: Mwen rankontre plizyè pasyan kòm jounalis, yo fè nou repwòch : yo di gade yon bèl jounen ! men nou pap vini ankò, yo santi nou pral lage yo. Kisa w kapab di ak 2 enstitisyon sa yo ki marye pou òganize evènman sa a?
Doktè Eddy Pépé : Lè nou fè jounen konsiltasyon, konn gen ti pwoblèm nan swivi yo, sitou gen pasyan ki gen egzamen pou yo fè aprè nou fin wè yo. Nou menm nou asire nou tout malad ki gen egzamen nou seleksyone de (2) medsen ki nan ekip medikal la, pou gade rezilta egzamen sa yo, pou yo fè swivi, paske efektivman nou konnen konn gen yon pwoblèm swivi ; se kòmsi se yon malad aprè jounen konsilasyon nou lage nan nati. Okontrè gen de ka nou wè nan kad yon jounen konsiltasyon, nou refere bay espesyalis ki pat mobilize nan kad aktivite a. Pa egzanp, gen ka nou jwenn – men yo pa anpil – pou chiriji. Gen ka nou jwenn se entèvansyon ki pou fèt sou po moun nan. Donk se entèvansyon dèmatolojik. Gen ka, fòk moun nan jwenn yon oftalmològ pou li fè priz an chaj la pou li. Nou asire nou : nou voye moun nan bay espesyalis ki gen referans nan sektè medikal la. Malad ki gen egzamen kòm mwen di w : gen 2 medsen ki nan ekip medikal la ki asire swivi yo, ki fèt an klinik prive men sou fòm koutwazi medikal, sa vle di malad la pap peye. Se komsi se yon pwolonjman jounen konsilatsyon an.
RHJS: Doktè Pepe, eske w panse RHJS avèk enstitisyon w ap dirije a ta sipoze fè lòt aktivite konsa ?
Doktè Eddy Pépé : Fòk nou di se pa premye eksperyan nou ak Rezo ayisyen jounalis lasante. Ane pase, nou te fè yon klinik mobil nan Mibalè, nan zòn Zilia. Komisyon medikal kretyèn d’Ayiti siyen yon pwotokòl akò ak Rezo ayisyen jounalis lasante. Nou genyen plizyè aktivite pou nou fè ansanm. Lasante se yon domèn transvèsal, donk nou bezwen pwofesyonèl lasante : enfimyè, medsen, teknisyen laboratwa, famasyen. Nou bezwen espesyalis nan kominikasyon : nou jwenn yo nan RHJS. E, se pa nenpòt ki jounalis. Se espesyalis ki ap fè kominikasyon nan domèn lasante. Men poukisa nou se de asosyasyon k ap travay men nan men ki gen enterè pou fonksyone sere sere pou n pote kole nan gwo travay n ap fè ansanm pou n amelyore kondisyon sanitè an Ayiti.
Sou bò pa li, lè nou al poze ansyen sekretè jeneral RHJS la kesyon, ki se youn nan majò jon jounen lasante a, li di nou : Akoz gwo siksè jounen sa a, prese prese avan fen ane a RHJS pral gade si l a òganize yon lòt jounen ak Komisyon medikal kretyèn d’Ayiti pi dyanm toujou pou popilayon an.
Pou rekòt enfòmasyon yo: Claude Bernard Sérant(entèvyou ak tretman tèks la ) ; Assade Jean-Louis (kamera) ; Junior Bazile(dekriptaj son).
An n al gade Doktè Eddy Pépé k ap pale nan videyo sa
Discussion à propos de post