«492», se nouvo liv Douglas Zamor ap siyen nan Bibliyotèk Michèle Tardieu, Petyon Vil, ri Faubert tou kole Capital Bank, madi 6 out la. Aktivite yo ap dewoule soti 11è nan maten pou rive 5è nan apre midi. Yon koudjay kiltirèl ap tann piblik la : chan, dans, teyat, slam pral deplaye nan Petyon Vil.
An nou deplaye paj lirik 492, nouvo rekèy powèm Douglas Zamor. Nan Bibliotèk Michèle Tardieu nan Petyon Vil, powèt la pral fè yon resital pou piblik la. Nan resital sa, powèm pral di, gita pral marye pou ofri tout moun yon bèl moman kiltirèl. Nou merite sa.
« O Dan
se ou menm m ap suiv
ti rivyè nan pye rèv
rèn ginen
limyè enfini
premye sekwè
lawouze plase nan kè m
O Dan
renmen m
renmen m pou tout
peyi k ap mòde anndan m
renmen m O Dan
renmen m
pawòl ou
solèy nan basen
tras paradi nan gòj
pafwa lanmou mache
tankou pye cheve
sou galèt
tankou mòn k ap ranpe
pafwa tou
tout sa m manyen
sanble tèt koupe
ak on forè sansasyon
byen gra
sou lonbrit
lanmou se paydefè
soufrans
O Dan
si souri w se kay chanmòt
se ladan sèlman pou m
t a abite»
Douglas Zamor se yon powèt ki mete an valè lang pèp ayisyen an. Li ekri kreyòl, li chante lang lan. Se yon atis ki abite lang nan. Nan vant siyati sa, n ap gen chans tande vwa atis sa pandan tout yon lajounen. Mo yo pral danse, mo yo pral kouvri espas la avèk yon kò mizik pou nou kapab vi pwezi kreyòl la nan tout ekspresyon l. E se konsa tou n ap dekouvri powèt la.
Samba Douglas Zamor fèt nan vil Pòdepè an 1989. Se yon jèn ki renmen aktivite kiltirèl anpil. Nan Podepè li te konn anime plizyè emisyon sou literati ak lajenès nan radyo Melodi nan vil la. Yon konnen l kòm komedyen epi kowòdonatè yonn nan pi bèl gwoup teyat nan vil la. Non gwoup la se MAJWIL.
An 2011 li rantre Pòtprens pou li kontinye etid Inivèsitè li. Li pran fòmasyon an Sosyoloji nan Fakilte Syanzimèn, Inivèsite Leta Ayiti. Nan menm moman an, Douglas etidye mizik nan men pwofesè retrete Lekòl Nasyonal Ar, Jean-Michel Richard, opsyon gita. Douglas se manm Sosyete Koukouy, manm Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK), ansyen Prezidan Tanbou-Literè yon anbriyon lekòl literè an n Ayiti.
Accédez à cette video