Yon pochèt san, ka sove lavi twa pasyan

Se Pouchenie Blanc

Nou chak gen omwen yon moun nan antouraj nou ki te bezwen san pou sove lavi l: apre yon aksidan, pou yon operasyon, akoz yon lòt maladi… E chak fwa nou rive nan sitiyasyon sa, nou toujou nan gwo tèt chaje pou nou jwenn san paske bank san yo pa toujou gen san ki chita la ap tann nou pou lè nou bezwen. Souvan nou fè kòlè, nou pale mal e menm panse mal. Annou fè yon ti pale sou bay san jodi a, sou kijan w ka jwenn san lè w bezwen e kòman pwosesis la fonksyone.

Donneur de sang à l’Université de la Fondation du Dr Aristide (UNIFA)

Yo toujou ap di, bay san se bay lavi, ti gout san ka sove lavi, epoutan, pèp nwa yo, tankou ayisyen pa egzanp, pa renmen bay san ni pran sa pou abitid. Yo reziye yo fè jès la si pwòch yo an difikilte e bank san an reklame pou yo bay san pou yo ka jwenn san pou moun yo an. Moun sa yo konstitiye yon kategori yo rele donè familyal.  An reyalite, bank san yo pa gen ase san an rezèv pou yo ta pèmèt tout moun ki nan nesesite jwenn san. Rezon an senp, pa gen yon machin pou pwodui san, ni yon aparèy kote y ap peze yon bouton epi yo jwenn san oswa yon makèt kote yo ka achte. Se san ki ranplase san. Ki fè, san bank san yo ap bay la, se yon lòt moun yo rele «done» ki bay san sa pou pèmèt ou menm oswa yon lòt moun jwenn li. Sa ki eksplike, si ou pa bay ou p ap ka jwenn.

Anpil mit lye ak kesyon bay san an Ayiti

Anpil moun panse si yo bay san y ap vòlè nanm yo e y ap mouri, alòske san an se yon pati nan kò w ki fèt ak selil tankou tout lòt ògan. Sa ki vle di, pa gen okenn mwayen pou yo ta pran nanm ou – ki dayè se yon bagay ki abstrè – nan bay san. Sa ki pi iwonik la, menm moun sa yo ki pa vle bay san pou yo pa pran nanm yo, mande moun bay san pou yo lè yo nan nesesite, osinon al bay san pou pwòch yo si yo ta nan bezwen.

Gen lòt moun ki panse si yo bay san nan kò yo se komsi yo bay yon bagay yo p ap rive rekipere e yo pral malad pou sa. An reyalite, kò a ap rejenere selil yo rapid vit e moun nan p ap menm santi sa. L ap menm ka rebay san twa (3) mwa apre si li ta vle oswa gen nesesite pou sa. Anplis, pèsonèl k ap pran san yo ap toujou verifye si moun nan nan bon kondisyon pou fè jès sila, paske yo sousye yo konsènan sante donè a, nan menm nivo ak sante moun k ap resevwa a.

Le sang, c’est la vie

Gen anpil jefò tou k ap fèt nan kesyon bay san, anpil asosyasyon ak regwoupman mennen ak reyalize kanpay pou bay san tout kote nan peyi a, yon fason pou fè sikile bon jan enfòmasyon sou bay san, pou retire mit sou kesyon bay san e fè pwomosyon pou plis moun ka bay san nan peyi a, konsa, bank san yo ap ka sèvi plis moun.

Doktè Jean François Cassandra ki se direktris Konbit San Pou San estime nou fè anpil chimen pa rapò ak lane avan yo, nan diferan kòlèk ak kanpay yo abitye reyalize, yo konn rive rekeyi jiska 50 pochèt san pa jou. Chif sa reprezante anpil pou sistèm nan paske yon pochèt san ka sove lavi twa (3) moun, e ladan yo ka jwenn plizyè eleman tankou konsantre globilè, plasma fre, chak pati sa yo gen enpòtans yo nan chèn medikal la. Wè yon koz enpòtan konsa, jèn yo ka anbrase l. Jèn yo kapab veyikile enfòmasyon sa yo. Li enpòtan pou jèn yo afiche enfòmasyon sa yo jiska pèmèt kesyon an vin viral sou rezo sosyo. Ala bèl avanse nou t ap fè nan sa ki gen pou wè ak sansibilizasyon epi pwomosyon!

Sòti janvye rive avril 2024, sou tout teritwa nasyonal la, Sant Nasyonal Transfizyon Sangen rive kolekte  4521 pochèt san, men sèlman 779 ladan yo, sa ki reprezante 17,24% se donè volontè, sa vle di moun ki bay san, san se pa pou fanmi yo oswa pwoch yo ki nan nesesite dapre sa Direktè Sant Nasyonal Transfizyon an, Doktè Ernst Noël, fè nou konnen. Donè volontè yo enpòtan anpil pou sistèm lan fonksyone byen, paske, se gras ak yo gen san disponib pou ka ijan yo. Donè familyal yo bò kote pa yo, jis pèmèt sant lan ranplase san fanmi an benefisye a.

Ki moun ki kapab bay san e ki moun ki elijib pou bay san?

Depi nan 17 pou rive 65 lane, tout moun ki peze omwen 50 kilo e ki gen 12 gram emoglobin nan san yo ka bay san. Dayè, pèsonèl sante yo ap fè tès pou ou e pran pwa w pou yo wè si w elijib.

Sonje si ou fè gwo maladi tankou: sik, tansyon, kansè, yo p ap kite w bay san. Konsa tou si w gen yon pèsing oswa yon tatwaj ki poko gen 12 mwa, osinon si w fenk akouche oswa sot opere, yo p ap kite w bay san.

Bay san se yon jès imanitè. Filantwòp ak tout moun ki elijib ta dwe fè jès lanmou sa pou ede sove lavi moun ki ap mouri chak jou paske yo paka jwenn san. Ou p ap mouri, ou p ap malad, ou p ap pèdi nanm ou si w fè yon jès konsa. Okontrè, w ap diminye risk pou w fè yon enfaktis, pou w fè kansè elatriye. Lè w bay san, ou se yon ewo.

Pouchenie Blanc

blancpouchenie@gmail.col

Cliquez ici pour accéder à cette vidéo

Quitter la version mobile