Veritab chemen tretman si w ap viv ak yon Twoub Strès Pòs Twomatik

Sikoloji

Se Duckerns Exumé

Dènye tan sa yo nouvèl lanmò fè kenken nan tout kwen peyi a. Moun yo mouri divès fason. Genyen se bal pèdi oubyen asasina (sitou ak monte ensekirite a), genyen se aksidan tout kalte, konsa tou genyen se yo ki touye tèt yo. Se toujou ak men nan kè anpil moun resevwa nouvèl sa a yo.

Dènye lanmò, an dat, ki touche moun yo e pote yon veritab tristès lakay yo se lanmò pitit gason animatè vedèt Radio Eclair, Luckner Désir nou konnen sou non Louko Dezi. E, lanmò sa a se yon lanmò trajik. Enfòmasyon k ap sikile yo fè konnen se yon aksyon suisid, kote li boure tèt li anba yon tren, ki mennen ak lanmò li.

Tonbe sou yon twit (X) Carel Pedre, mwen li Stefan Desir te sibi yon atak nan lane 2018 kote yon elèv 19 lane te louvri kout zam nan yon lekòl Ozetazini. Atak sa a te touye pou pi piti 15 moun e Stefan ak 2 lòt moun te soti vivan nan moman atak la. Pi lwen, nan lane 2019, 2 lòt kanmarad Stefan yo ta pral tiye tèt yo. Youn ladan yo te dyagnostike Twoub Pòs-Twomatik.

Nan sans sa a, nou pati sou baz menm bagay la pou eksplike rezon lanmò pitit gason Louko a, donk yon ipotèz. Men, alaverite se pa eksplike lanmò a ki enterese n, se pito fè yon ti rale sou twoub sa a ki rele Twoub Strès Pòs Twomatik la (STP oubyen TSPT).

Le cri de souffrance de Robert Paret

Ki sitiyasyon ki ka pwovoke li, kijan li manifeste, kilè ou sibi li e kisa ou kapab fè? An vanse !

Kisa ki STRÈS PÒS TWOMATIK la ?

Jan nou ka konstate l, se yon patoloji ki konpoze ak 3 mo. Strès, ki se yon repons fizyolojik kò a bay fas ak yon sitiyasyon danjere oubyen yon menas sikolojik ou fizik. Pòs (Post) ki se yon mo angle ki siyifi, aprè. E, twomatis se yon blesi (blessure), yon boulvèsman yon moun sibi pandan yon evènman chokan. Donk, TSPT a se yon Twoub sikolojik ou sikatrik yon moun sibi apre li fin viv yon evènman trajik ou twomatizan.

Ki sitiyasyon ki ka pwovoke li? Kisa evènman twomatizan yo ye?

Divès sitiyasyon kapab pwovoke TSPT a, e se sa yo rele evènman twomatizan yo, tankou:

Ansanm evènman sa a yo konstitiye, pami divès lòt, aksyon ki ka pwovoke TSPT a lakay yon moun.

Kijan li manifeste e kouman ou kapab idantifye li ?

Chak patoloji yo genyen fòm dyagnostik pa yo ak gwoup senptomatik a yo. Pou TSPT a, sentom yo regwoupe anba 4 gran kategori ki yo menm genyen divès siy. Kategori sa yo se:

Pou n fini, kijan ou kapab konnen ou anba anpriz TSPT a e kisa ou kapab fè ?

Nòmalman, menm jan ak plizyè lòt patoloji, idantifye twoub la e poze yon dyagnostik pèsonèl pa toujou evidan. Toutfwa, plizyè karakteristik kapab mete ou an n alèt pou pèmèt ou antisipe e pran de inisyativ pou pwoteje sante w. Idantifye youn oubyen plizyè nan kategori sentomatik ki liste anwo yo pa vle di ou anba anpriz TSPT. Ou kapab pale de patoloji sa a apre yon mwa ou fin viv evènman twomatizan an e idantifye toulekat kategori sentom yo.

Genyen divès fason ou kapab jwenn solisyon ak TSPT a. Swa tretman an fèt ak medikaman oubyen ou fè de swivi terapetik pandan yon moman byen detèmine. Veritab chemen tretman an se ale vizite yon pwofesyonèl nan sante mantal pou gen yon swivi pwofesyonèl ak syantifik ki fèt sou kesyon an.

 

Duckerns Exumé

duckernsexume@yahoo.com

Cliquez ici pour accéder à cette vidéo

Quitter la version mobile