RHJS - Réseau Haïtien de Journalistes en Santé
  • Accueil
  • Webmail
  • Registre d’inscription
  • Nous contacter
dimanche 15 mars 2026
  • Connexion
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
Advertisement
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats

Veritab chemen tretman si w ap viv ak yon Twoub Strès Pòs Twomatik

Sikoloji

La Rédaction Par La Rédaction
15 juin 2024
Dans Actualités, Nationales
0
Regard psychanalytique sur l’échec haïtien

Le cri de souffrance de Robert Paret

0
PARTAGES
62
VUES
Partager sur FacebookPartager sur Twitter

Se Duckerns Exumé

Dènye tan sa yo nouvèl lanmò fè kenken nan tout kwen peyi a. Moun yo mouri divès fason. Genyen se bal pèdi oubyen asasina (sitou ak monte ensekirite a), genyen se aksidan tout kalte, konsa tou genyen se yo ki touye tèt yo. Se toujou ak men nan kè anpil moun resevwa nouvèl sa a yo.

Dènye lanmò, an dat, ki touche moun yo e pote yon veritab tristès lakay yo se lanmò pitit gason animatè vedèt Radio Eclair, Luckner Désir nou konnen sou non Louko Dezi. E, lanmò sa a se yon lanmò trajik. Enfòmasyon k ap sikile yo fè konnen se yon aksyon suisid, kote li boure tèt li anba yon tren, ki mennen ak lanmò li.

Tonbe sou yon twit (X) Carel Pedre, mwen li Stefan Desir te sibi yon atak nan lane 2018 kote yon elèv 19 lane te louvri kout zam nan yon lekòl Ozetazini. Atak sa a te touye pou pi piti 15 moun e Stefan ak 2 lòt moun te soti vivan nan moman atak la. Pi lwen, nan lane 2019, 2 lòt kanmarad Stefan yo ta pral tiye tèt yo. Youn ladan yo te dyagnostike Twoub Pòs-Twomatik.

Nan sans sa a, nou pati sou baz menm bagay la pou eksplike rezon lanmò pitit gason Louko a, donk yon ipotèz. Men, alaverite se pa eksplike lanmò a ki enterese n, se pito fè yon ti rale sou twoub sa a ki rele Twoub Strès Pòs Twomatik la (STP oubyen TSPT).

Le cri de souffrance de Robert Paret

Ki sitiyasyon ki ka pwovoke li, kijan li manifeste, kilè ou sibi li e kisa ou kapab fè? An vanse !

PUBLICITÉ

Kisa ki STRÈS PÒS TWOMATIK la ?

Jan nou ka konstate l, se yon patoloji ki konpoze ak 3 mo. Strès, ki se yon repons fizyolojik kò a bay fas ak yon sitiyasyon danjere oubyen yon menas sikolojik ou fizik. Pòs (Post) ki se yon mo angle ki siyifi, aprè. E, twomatis se yon blesi (blessure), yon boulvèsman yon moun sibi pandan yon evènman chokan. Donk, TSPT a se yon Twoub sikolojik ou sikatrik yon moun sibi apre li fin viv yon evènman trajik ou twomatizan.

Ki sitiyasyon ki ka pwovoke li? Kisa evènman twomatizan yo ye?

Divès sitiyasyon kapab pwovoke TSPT a, e se sa yo rele evènman twomatizan yo, tankou:

  • Yon aksidan machin, moto, krach avyon elatriye;
  • Zak vyolans seksyèl yon moun sibi
  • Brakaj ak zam
  • Patisipasyon nan lagè
  • Pèdi yon moun ki te chè pou ou elatriye.

Ansanm evènman sa a yo konstitiye, pami divès lòt, aksyon ki ka pwovoke TSPT a lakay yon moun.

Kijan li manifeste e kouman ou kapab idantifye li ?

Chak patoloji yo genyen fòm dyagnostik pa yo ak gwoup senptomatik a yo. Pou TSPT a, sentom yo regwoupe anba 4 gran kategori ki yo menm genyen divès siy. Kategori sa yo se:

  • Revivisans (Reviviscence), se ansanm souvni de evenman an k ap monte nan lespri moun nan, san l pa vle, detanzantan. Moun nan ap plede fè rèv ki gen rapò ak evènman an. Moun nan konn santi l yon jan tankou l t ap reviv aksyon ki te pase an tan reyèl.
  • Evitman (Evitement), se efò moun nan ap fè pou pase l de tout sa ki ka raple l evènman an. Kon sa, li evite panse ak aksyon an, pa pase kote evènman an te rive a, pa pwoche oubyen pa gen kenn rapò ditou ak yon objè ki lye ak evènman an ;
  • Panse negatif konsistan, se santiman devalorizan ak kilpabilite ki enprenye moun nan. Li pèdi nan estim li. Elwanye l de anviwonnman l, pèdi enterè pou tout aktivite abityèl li elt. ;
  • Ipèryaktivite (Hyper-Reactivité), se yon ansanm konpòtman ki chanje mòd enteraksyon moun nan ak anviwónman l apre l fin viv evènman an. Li kapab kolerik, fache sou moun pou ti krik ti krak, reyaji sibitman fas ak yon objè ki ka raple l evènman an.

Pou n fini, kijan ou kapab konnen ou anba anpriz TSPT a e kisa ou kapab fè ?

Nòmalman, menm jan ak plizyè lòt patoloji, idantifye twoub la e poze yon dyagnostik pèsonèl pa toujou evidan. Toutfwa, plizyè karakteristik kapab mete ou an n alèt pou pèmèt ou antisipe e pran de inisyativ pou pwoteje sante w. Idantifye youn oubyen plizyè nan kategori sentomatik ki liste anwo yo pa vle di ou anba anpriz TSPT. Ou kapab pale de patoloji sa a apre yon mwa ou fin viv evènman twomatizan an e idantifye toulekat kategori sentom yo.

Genyen divès fason ou kapab jwenn solisyon ak TSPT a. Swa tretman an fèt ak medikaman oubyen ou fè de swivi terapetik pandan yon moman byen detèmine. Veritab chemen tretman an se ale vizite yon pwofesyonèl nan sante mantal pou gen yon swivi pwofesyonèl ak syantifik ki fèt sou kesyon an.

 

Duckerns Exumé

duckernsexume@yahoo.com

Cliquez ici pour accéder à cette vidéo

Etiquettes: #TroubleBien-êtreMSPPRHJS
Post précédent

Yon pochèt san, ka sove lavi twa pasyan

Post suivant

Lancement de la 3e édition nationale de Youth Haitian Empowerment Exchange Program

La Rédaction

La Rédaction

Le Réseau Haïtien de Journalistes en Santé (RHJS) est un outil de référence pour des informations de santé regroupant des journalistes qui œuvrent dans le domaine de la santé en Haïti.

Connexe Posts

Actualités

Le RHJS remercie ses partenaires après le succès de la 5ᵉ édition du Concours national de reportage

7 janvier 2026
Le RHJS souffle ses 12 bougies et célèbre 12 succès
Actualités

Restons vivants et debout en 2026

1 janvier 2026
Actualités

Remise officielle du Prix Dr Odilet Lespérance 2025

27 décembre 2025
Élections au RHJS : l’appel à candidature est lancé
Actualités

Un nouveau comité directeur du RHJS issu des urnes en 2025

20 décembre 2025
Les cas de choléra grimpent en Haïti, selon le MSPP
Actualités

Une bonne communication interpersonnelle pour une meilleure prise en charge médicale

13 décembre 2025
Santé et relation humaine : l’analyse de Claude Bernard Sérant
Actualités

Santé et relation humaine : l’analyse de Claude Bernard Sérant

13 décembre 2025
Post suivant
Lancement de la 3e édition nationale de Youth Haitian Empowerment Exchange Program

Lancement de la 3e édition nationale de Youth Haitian Empowerment Exchange Program

Discussion à propos de post

PUBLICITÉ

Notes de presse

Lancement d’HPay Cash, une plateforme de paiement mondiale actuellement en Haïti
Actualités

Lancement d’HPay Cash, une plateforme de paiement mondiale actuellement en Haïti

Par La Rédaction
10 octobre 2024
0

« La raison d’être de Heyseller Pay / HPay : éliminez les barrières entre les transactions dans le monde entier ; c’est à dire...

Lire plus

Publication de la liste des dix finalistes de la 3e édition du Prix Dr Odilet Lespérance

Poursuite de l’Assemblée générale ordinaire 2022 du RHJS

Une exposition de photos en hommage au Dr Odilet Lespérance

Tentative d’assassinat sur le journaliste de carrière, Roberson Alphonse

Derniers posts

Haïti 2026 : le sursaut de la parole ou l’abîme du chaos

15 janvier 2026

Le RHJS remercie ses partenaires après le succès de la 5ᵉ édition du Concours national de reportage

7 janvier 2026
Le RHJS souffle ses 12 bougies et célèbre 12 succès

Restons vivants et debout en 2026

1 janvier 2026

Au rendez-vous de la vie en ce nouvel an

1 janvier 2026

Remise officielle du Prix Dr Odilet Lespérance 2025

27 décembre 2025
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
  • Registre d’inscription
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous
Téléphone : +509-3832-2925

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht

Bon retour!

Connectez-vous à votre compte ci-dessous

Mot de passe oublié?

Récupérez votre mot de passe

Veuillez entrer votre nom d'utilisateur ou votre adresse email pour réinitialiser votre mot de passe.

S'identifier
Aucun résultat
Voir tous les résultats
  • Connexion
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht