Chak mwa, gen plis pase 2 milya fanm sou latè ki gen règ yo. E poutan, sa pa anpeche kesyon ijyèn manstriyèl rete yon sijè tabou nan anpil sosyete. Sa lakoz anpil fanm ak tifi viktim estigmatizasyon lè yo gen règ yo, e yo gen gwo difikilte pou jwenn aksè ak materyèl ijyenik manstriyèl, bonjan enfòmasyon ak swen sou sante manstriyèl yo.
Yo defini ijyèn manstriyèl kòm kapasite yon moun genyen pou li konprann e pran responsabilite sik manstriyèl li kòrèteman. Sa anglobe yon ansanm faktè Òganizasyon mondyal lasante ak patnè li yo defini kòm dwa fondamantal pou tout moun: tankou jwenn materyèl ijyenik manstriyèl bon kalite chak fwa li nesesè, jwenn yon kote ki sekirize pou moun nan chanje l chak fwa li bezwen, jwenn dlo pwòp, savon pou moun nan sèvi ak lòt enstalasyon sanitè tankou poubèl, twalèt, elatriye, men sitou jwenn bonjan enfòmasyon, edikasyon sou seksyaliye ak ijyèn manstriyèl ak sèvis sante pou tout sa ki lye ak pwoblèm oswa konplikasyon sik manstriyèl yo ka pote.
Manstriyasyon, nou rele règ tou, se yon bagay ki natirèl, ki byolojik. Se yon pwosesis fizyolojik ki pèmèt matris la evakye san ak lòt selil atravè vajen an, pandan tout peryòd yon fi, sòti nan laj pibète rive nan laj menopoz, pa ansent. Chak jou, anviwon 800 mil fanm ak tifi ki nan laj pou fè pitit gen règ yo, epoutan, mank enfòmasyon sou ijyèn manstriyèl ak edikasyon seksyèl lakoz anpil fanm ak tifi sibi estigmatizasyon. Sitou nan lekòl ak nan lari. Anpil tifi pè oswa wont lè yo gen règ yo pou premye fwa, genyen ki pa menm konnen kijan pou yo mete yon sèvyèt ijyenik paske ni nan lekòl ni lakay yo, yo pa t aprann konnen kijan pou yo fè sa. Yo souvan mande lòt zanmi oswa kamarad alòske timoun sa yo pa pi byen plase pou founi enfòmasyon sa yo.
Akote pwoblèm estigmatizasyon ak edikasyon an, medam ki nan laj pou yo gen manstriyasyon yo konn gen gwo pwoblèm pou jwenn aksè ak materyèl ijyenik, enstalasyon sanitè pou yo ka pran swen tèt yo pandan peryòd sa. Isit ann Ayiti, anpil fi wè sèvyèt ijyenik tankou yon liks, aloske li reprezante yon pwodui premye nesesite pou tout fi. Nan sans sa, genyen ki konn oblije fè tout yon jounen ak yon sèl sèvyèt ijyenik, paske yo pa ka achte plizyè pake pwodui sila, ki dapre yo vann twò chè. Alòske li rekòmande pou medam yo chanje sèvyèt sou yo an mwayèn chak 4èdtan lè yo gen règ. Gen lòt ki oblije itilize lenj atizanal, yo lave pou yo kapab reyitilize chak fwa yo gen règ yo.
Nan anpil kominote, tifi pèdi jou lekòl lè yo gen règ yo, swa akoz yo gen doulè, swa paske yo pa ka achte kotèks osinon paske lekòl la pa dispoze enstalasyon sanitè pou pèmèt yo viv peryòd sa ak diyite. Tout sa yo konstitiye antrav nan sante ak byennèt medam yo, ak ijyèn manstriyèl yo.
Yon move ijyèn manstriyèl kapab antrene enfeksyon jenital lakay fi ki nan peryòd règ yo e mete yo malalèz oswa an danje. Li enpòtan pou n pale sou ijyèn manstriyèl non sèlman pou n brize tabou ak estigmatizasyon ki lye ak koze règ men tou pou pèmèt medam yo jwenn bonjan estrikti ak enfòmasyon sou fason yo dwe viv peryòd sa. Si nou adisyone total jou règ yon fi pandan lavi li, yon fi ap pase an mwayèn 3 rive 8 lane ap gen règ, kidonk, se yon nesesite pou nou pèmèt yo viv peryòd sa nan diyite ak konfò.
Pouchenie Blanc
blancpouchenie@gmail.com
Vèsyon franse tèks kreyòl ou sot li a
Gade videyo sa
Discussion à propos de post