Mediasyon atistik Fondasyon Sérovie nan kan deplase Lise Marie-Jeanne

https://www.youtube.com/watch?v=6eg_3SnVddA

 

 

Nan kan deplase Lise Marie-Jeanne ki chita nan premye riyèl Lavaud, Bwa Vèna, se bèl aktivite medyasyon atistik ak sikolog travayè sosyal ap reyalize pou tout timoun bandi te fè kouri kite lakay yo ak paran yo nan Kafoufèy, yon katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens. Paske trajedi sa a make timoun yo, Fondasyon sewovi pote pou yo Pwojè sante mantal ak soutyen sikolojik.

Timoun yo ap jwe

Fondasyon sewovi, ki se yon òganizasyon kominotè ayisyen k ap bay sèvis depi pase 20 lane nan koze lasante, se li menm, ak sipò Òganizasyon entènasyonal Migran (OIM), ki kreye yon ansanm aktivite sikososyal nan kan deplase yo nan lide pou pèmèt timoun yo santi yo byen.

Jounen jedi 23 me a, ou ta di yon moman rekreyasyon pou tout timoun bandi yo te fè kriye paske yo pat wè ni devan, ni dèyè. Se pa ti kontan ti moun yo kontan. Pwojè sante mantal ak soutyen sikolojik Fondasyon Serovi mete nan kan yo fè yo santi y ap viv.

Aktivite sa a, ki fèt pou pipiti yo ak pou pi gran yo, rantre nan menm logik sipò sikolojik Fondasyon serovi pote nan kan deplase ki chita nan Pòtoprens. Nan lise Marie Jeanne kote rezo ayisyen lasante debake ak jounalis plizyè medya, n ap rakontre, Valerie Milien, youn nan sikològ ki ankadre aktivite a.

 Kounyela, nou pral gade sa pi gran yo ap fè. Nou lan yon espas kote timoun chita devan chevalè yo, palèt penti yo bò kote yo y ap penn.

Dadley Auguste, yo ti jèn 13 lane ap penn drapo peyi d’Ayiti; se youn nan fason pou l temwaye lespri patriotik li fas ak sa l ap viv jounen jodi a.

Christel Joassaint, li menm tou li gen 13 lane,  l ap fè menm egzèsis ak Dadley. L ap penn yon drapo ki plase sou tèt yon ti kay tou jòn.

Nan kan lise Marie Jeanne, tout timoun jwenn nan aktivite medyasyon atistik la. Kit pi gran, kit piti, yo la pou yo rekreye lespri yo pou chase tristès, lapenn, move moman y ap viv nan kan yo ak fanmi yo.

Ki timoun ki pa ta renmen retounen viv lakay li an sekirite ak paran l?

An atandan yo rejwenn yon chimen lespwa, timoun yo ap jwe; ti moun yo ap jwe nan kad aktivite medyasyon atistik Fondasyon Serovi pote pou yo.

Claude Bernard Sérant

An n gade videyo sa

Quitter la version mobile