RHJS - Réseau Haïtien de Journalistes en Santé
  • Accueil
  • Webmail
  • Registre d’inscription
  • Nous contacter
lundi 19 mai 2025
  • Connexion
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
Advertisement
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats

Gade mizè atis-pent

Fiksyon

Claude Bernard Sérant Par Claude Bernard Sérant
9 mai 2024
Dans Actualités, Nationales
0
Gade mizè atis-pent

Manman ak pitit li

0
PARTAGES
88
VUES
Partager sur FacebookPartager sur Twitter

Se paske penti se yon aktivite kiltirèl nou rankontre chak jou nan lari Pòtoprens ki fè nou gen okazyon rankontre yon atis-pent. Lè nou wè yon atis k ap vann tablo e ki chita devan chevalè l k ap penn, nou enterese al gade sa l ap fè. Lè w se yon jounalis kiltirèl, ou pi enterese atò pou pwoche bò kote l. E se paske sa atis la pwopoze nan lari a atire nou ki fè n al pale avè l. Depi yon penti rale n sou li se paske l touche n. An n al poze atis la kèk kesyon pou nou kapab konprann abilte l, teknik li pou l fè yon tablo.

 

Manman ak pitit li

C.B.S. : Bonswa atis la. M ap pase nan lari a, m voye je m sou tablo yo, m wè w ap travay.

Manmay: Mèsi.

C.B.S. : Ou konn travay.

Manmay: Wi.

C.B.S.: W ap penn, w ap vann tablo. Ou konnen se de gwo aktivite w ap mennen atis la.

Manmay : Se vre wi.

C.B.S.: Atis, ou manyen penso w fen. A! wi. M ta renmen mande w kòman w rele ?

Manmay : Blan yo di sa tou wi. Yo di m manyen penso m fen. Rele m Manmay. Manmay se non atis mwen. Jeremi yo rele m bòs Feliks. Jeremi pa bò lakay m te konn fè jaden.

C.B.S. : Si m konprann byen bòs Feliks… ban m di pito: Manmay. Alòs, atis la, si m konprann byen : ou rive twoke manchèt, wou, kouto digo w pou penso, twal ak penti? Eske se sa l ye?

Manmay : Se sal ye. Se sa l ye menm. Fòk yon nonm viv anba syèl ble peyi Dayiti ak yon metye si ou pa vle al tonbe nan metye ak move zafè. Si ou pa vle ou te mèt rele m Feliks. Madanm mwen renmen non Feliks la. Men tout moun rele madanm mwen ki Jeremi, madan Manmay. Mwen gen douz pitit. Dyòl pèp di se maymay m ap kale. Se pou sa yo rele m Manmay. Gade! tout tablo m siyen Manmay.

C.B.S. : Sou tablo sa a ma p gade la a, Manmay, kòman ou rive reyalize maryaj tè ak limon sa a ? Mwen gen lenpresyon tè a, limon an byen reyèl sou twal la. Atis la, ki teknik ou ?

Manmay : Teknik! Mwen pa gen teknik mesye. Mwen pa janm brase tè ak limon pou m penn. Bondye tande m! Se vre m pa gen lajan pou m achte penti nan tib sèdènyetan… Blan pa vizite nou ankò. Blan, Blan ki rele Blan pa antre an Ayiti ankò. Mwen pap ba w manti. Manmay sèvi ak penti kay ou jwenn nan mamit, nan gwo mamit.

C.B.S. : Ou sèvi ak penti nan mamit. O! O! Konbyen tan menm tablo sa yo rive kenbe sou twal la ?

Manmay : Dezan. Petèt twa, katran. Alafen, koulè yo kaye sou twal la. Ou konn wè ma labou ki seche anba solèy cho ? Konsa tablo a tounen lèt kaye.

C.B.S.: Se konsa w fè sa?

Manmay : Depi mwen vann tablo a li pa devan je m ankò. Ou wè venvennkat la, monnami, se senk san goud, senk san senkant goud m likide l! Ou wè, pafwa; m ka di souvan, trè souvan, se jou ki bare penti a, se jou yo wi ki tiye penti a. Lè anpil ak yon pakèt jou bare penti a, mezanmi, yo tou fè yon kò pou sasinen l.

C.B.S. : M tande wi. Kòm ou se atis pent, èske ou travay avèk mak penti say o : ultrèk, grinbachè…

Manmay : Grinbak ! Bagay chè sa yo ! Non. O non! Mwen pa gen penso pou penti nan tib. O o! O ! penso m se plim chwal, pit, plim kochon… se ak yo pa bò isit mwen sèvi. O ! se poko laj pa m. Mezanmi !

C.B.S. : Ki sijè, Manmay, ou penn ojis ?

Manmay : Apa yo devan w la : ti tonton, ti madanm, kay, machin, bourèt… pa fè m pale.

C.B.S.: Ou fè ekspozisyon deja ?

Manmay : Ekspozisyon ! Mwen gen kadav m ap ekspoze ?

C.B.S.: Mwen wè ou se yon pent primitif.

Manmay : Gad lè l ye w ap vin manke m dega. Mwen k primitif la ? Malere pa bèt.

C.B.S.: Mwen vle di w se on pent… nayif.

Manmay : Nayif menm ! Nayif ! ou wè m se yon atis nayif frè m ?

C.B.S.: Rete! Gade mizè atis nan peyi m! An n kraze yon kite sa. Bon, Manmay, ki pwojè w men m?

Manmay :Achte yon tablo nan men m. Achte yon tablo, epi, m a di w pwojè m.

C.B.S.: Atis la ou tèlman ensiste, mwen oblije achte yon twal nan men w wi la.

Manmay : Ou tèlman fè m pale, ak kòb w ap ban mwen an m ap tou pran yon bouyon pye bèf.

C.B.S.: M ap pran de tablo sa yo. De venvennkat sa yo. Konbyen ou di m ankò?

Manmay : Ou te mèt pran yo pou mil goud.

C.B.S.: Mèsi anpil.

Manmay : Ou ban m kòb… ou ban m… se kòb pou kat tablo wi la ou lage nan men m.

C.B.S.: Pa gen pwoblèm. Tout kòb la pou ou. Se de mil goud li ye, tonton!

Manmay : O o! An jwèt konsa, s on blan w ye la wi.

C.B.S.: Wi, Manmay. Manmay, ou se atis pent, ki pwojwè w menm?

Manmay : Pwojè m tou senp wi. Si w wè sa, pwojè m tou senp : vann tablo, vann tablo, vann tablo pou m achte yon machin pou m fè taksi.

(N ap raple w, tèks sa se yon fiksyon nou tire nan yon istwa nou viv pèsonèlman nan Bisantnè. Sa fè lontan, lontan deja)

Claude Bernard Sérant

serantclaudebernard@yahoo.fr

Videyo sou Madan Franck Paul

PUBLICITÉ
Etiquettes: ArtArtisteHaitiPatrimoinePeinture
Post précédent

Notre rocher de Sisyphe, les soins de santé en Haïti

Post suivant

Jemsy Chéry ou la promotion de l’héritage africain

Claude Bernard Sérant

Claude Bernard Sérant

Connexe Posts

Actualités

Prévention des maladies d’origine hydrique après les inondations en Haïti

19 mai 2025
Fête du Drapeau, ce qui nous reste d’héritage
Actualités

18 mai : le drapeau dans le cœur, la santé dans l’action

17 mai 2025
Parler à nos enfants de la mort
Actualités

Projet en Amérique pour un pays à la dérive

14 mai 2025
Actualités

Haïti : il était une fois un plan d’extermination pour tout un peuple

30 avril 2025
Sommes-nous en guerre contre le système de santé ?
Actualités

Sommes-nous en guerre contre le système de santé ?

24 avril 2025
Actualités

Du haut de quatre-vingt-neuf printemps, madame Franck Paul encore debout au Canapé-Vert

24 avril 2025
Post suivant
Jemsy Chéry ou la promotion de l’héritage africain

Jemsy Chéry ou la promotion de l'héritage africain

Discussion à propos de post

PUBLICITÉ

Notes de presse

Lancement d’HPay Cash, une plateforme de paiement mondiale actuellement en Haïti
Actualités

Lancement d’HPay Cash, une plateforme de paiement mondiale actuellement en Haïti

Par La Rédaction
10 octobre 2024
0

« La raison d’être de Heyseller Pay / HPay : éliminez les barrières entre les transactions dans le monde entier ; c’est à dire...

Lire plus

Publication de la liste des dix finalistes de la 3e édition du Prix Dr Odilet Lespérance

Poursuite de l’Assemblée générale ordinaire 2022 du RHJS

Une exposition de photos en hommage au Dr Odilet Lespérance

Tentative d’assassinat sur le journaliste de carrière, Roberson Alphonse

Derniers posts

Visite au centre de vaccination de l’Hôpital Saint Antoine

L’équité au cœur des interventions nutritionnelles

19 mai 2025

Prévention des maladies d’origine hydrique après les inondations en Haïti

19 mai 2025

Haïti sous le feu des projecteurs à l’Université Barry en Floride

18 mai 2025
Fête du Drapeau, ce qui nous reste d’héritage

18 mai : le drapeau dans le cœur, la santé dans l’action

17 mai 2025

Haïti saigne ses soignants : le cri du silence après  le Dr. Nadia Phaïmyr Jean-Charles

16 mai 2025
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
  • Registre d’inscription
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous
Téléphone : +509-3832-2925

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht

Bon retour!

Connectez-vous à votre compte ci-dessous

Mot de passe oublié?

Récupérez votre mot de passe

Veuillez entrer votre nom d'utilisateur ou votre adresse email pour réinitialiser votre mot de passe.

S'identifier
Aucun résultat
Voir tous les résultats
  • Connexion
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht