Pwoblèm twalèt nan kan deplase lise Marie Jeanne

Lijyèn

 

 

Kesyon twalèt nan kan deplase lise Marie Jeanne, premye riyèl Lavaud, se gwo pwoblèm. Depi m maten rive nan aswè, moun ap defile pou yo soulaje bezwen yo nan watè ijenik ki disponib nan kan an. Moun ki pa ka kenbe doulè k ap sizonnen vant yo pa sispann revandike dwa yo. Yon gwo madanm ak yon ti bokit dlo nan men l, kat min mare nan fwon ap frape nan pòt yon twalèt. Bagay la cho nan kò l. Vwal se yon rèl : «Ban m twalèt la. Se pa dat mwen kanpe ap tan n ou. Ban m twalèt la! ». Pou tout repons, yon vwa gason gwonde :« Talè! Tann, mwen poko fini.»

Rasanbleman moun nan kan deplase lise Marie Jeanne

Fòk yon moun gen kouraj pou tann lè w vin nan twalèt nan kan deplase lise Marie Jeanne. Yon liy fèt nan yon koulwa an mozaik blan. Granmoun, timoun ap pasyante. Chak moun gen yon ti bokit plen dlo sal yo kenbe nan men yo. Y ap tann. Sou figi yo ou ka li yon doulè, yon soufrans. Gen moun ki kenbe vant yo nan men yo. Ou pa ta di moun ki gen tranche.

Plenyen, pale fò, diskisyon pa sispann ranpli espas ki gen sèlman de bouch twalèt pou gason ak sis douch pou benyen.

Pandan gwo madanm nan ap fè lèsanpa, yon lòt dam antre, li peye yon mesye ki chita sou biwo nan espas twalèt k ap fè resèt la kenz goud. Li bay twa pyès adoken. Mesye sa se Jean-Paul Galy, yon jenn gason ki t ap viv lòt bò fwontyè nan Repiblik Dominikèn. Se li ki responsab seksyon lijyèn nan kan an. Kòm tout deplase, li se yon viktim ensekirite ki fè anpil moun Kafoufèy kouri.

Galy se yon sitwayen ki sanble fèm nan pòs li. L ap siveye tout sa k ap pase pou l mete tout sa ki dezalòd alòd. « Kounyela m fèk sot pase twal mouye nan twalèt la. Pandan m ap pale a yo tou pwofite ap fè salòp. Kèt!»

Galy pa apresye jan meseye dam yo ap mache sou mozayik la ak sandal yo plen labou. Li vle kote l ap sipèvize a pwòp.

Dam ki bay Galy twa pyès adoken an fè konprann li vin nan zòn pa mesye yo paske sis bouch twalèt kan an mete pou medam yo gen anpil moun ki gentan nan liy. Fil medam yo twò long, komisyon l nan ka gentan tonbe. Li pa fè menm jan ak lòt dam k al frape tanbou nan pòt twalèt yo, men l ap jemi : «Ay! Mwen gen yon twalèt ki cho nan kò m la!»  Asistan Galy a mande l : «Kote w te ye?» Li prese reponn : « Mwen peye twalèt la deja wi, monpè a.»

Yon w.c libere, li prese antre. Yon lòt parèt, li bay di goud papye pou l al kay madan Viktò.

Kòman fè youn peye quinz goud, lòt la bay di goud?

Galy reponn :« Twalèt la se kenz goud, di goud. Si moun nan gen monnen di goud la li bay li.» Pou Galy, moun yo toujou ap eseye pran woulib. Li aksepte sa. Kliyan an ajoute : «Jodi a m pa bay kenz goud. Men m konn abitye bay kenz goud. Se di goud la m genyen, m pa oblije kite twalèt la tiye m.»

Gen travay nan twalèt yo

Moun yo peye espas la, men tou yo bay moun yo travay pou yo fè. Selon Galy, «Moun ki abitye twalèt nan lakou a, yo vin twalèt nan douch yo tou. Moun nan di w li pral fè yon ti pipi nan douch la. Epi: ba w, lè w antre ou wè se twalèt li vin twalèt nan douch la.»

Galy presize, pi fò moun ki ap poupou nan douch yo se pa timoun, se granmoun nan kan an, gwo jenn gason ak jenn fanm ki bay sèvis lijyèn travay pou yo fè.

Moun yo pa neglije foure tout sot objè nan twalèt yo: bwos soulye, boul savon, elatriye. Anpil travay pou yo rive debouche konfò modèn sa yo. Galy konsève youn nan bwòs soulye li te retire nan youn nan twalèt kan an kòm yon prèv.

Granmoun sa yo ki fè sa, eske yo fè l nan yon lide mechanste? Galy pa wè l konsa. « Mwen pa ka di se yon zak mechanste. Lè w pran konfò modèn, se pa tout moun ki  abitye avè yo. Gen moun se sou tèt wòch li te konn fè bezwen l. Lè l vin la, li pa kapab. Gen moun ou te met ba l twa doum dlo li pap janm rive flòch yon twalèt»

Lè nou tande pawòl Galy ki poze deyè biwo l kòm manm sèvis lijyèn, nou wè li fini pa konprann, sosyete nou an gen baryè; sosyete nou an gen barikad ki anpeche moun yo adopte bon kopotman nou ta swete a.

Devan sitiyasyon sa kote moun ap vin twalèt tout jounen, tout lannwit, kisa ki pou ta fèt menm pou moun nan kan yo ta rive sèvi kòm sa dwa ak konfò modèn? Ki sa ki pou ta fèt prese prese pou nou ta rive chanje konpotman deplase yo?

Galy fè konprann se edikasyon, sansibilizasyon ki kapab ede rezoud pwoblèm sa ki poze nan kan yo. Pou sa, li pwopoze kòm ide: poste ak plizyè imaj ki montre kòman yo itilize konfò modèn.

Chanjman sosyal ak konpotman moun se pa yon chanjman ki fèt nan yon bat je. Se tout yon pwosesis, se tout yon miz an plas pou moun yo rive adopte yon bon konpòtman nan lavi yo. E konpòtman pozitif n ap klewonnen pou sa chanje, li sòti nan yon konesans ki kapab sove lavi.

Claude Bernard Sérant

serantclaudebernard@yahoo.fr

Yon repòtaj videyo sou kesyon twalèt nan kan deplase Lise Marie Jeanne

 

 

Quitter la version mobile