Ti koze sou kesyon kontwòl pouvwa fè pitit

Konesans Fanmi / Fonds Mondyal / ODELPA / FOSREF / Lopital Lapè

Atelye KF nan lopital Lapè

Eske n konnen li enpòtan jounen jodia pou n sansibilize popilayson a sou koze Planifikasyon Familyal (PF)?

Li enpòtan anpil. PF la se yon gwo zouti li ye. Lè yon gason ak yon fanm mete tèt yo ansanm pou yo viv nan yon fwaye, fòk yo ka deside ki lè yo vle fè timoun.

Mis Marie Carline Toureau, manadjè Sèvis priz an chaj VIH nan Lopital Lapè

Planifikasyon familyal la rann fanm yo otonòm. Sa vle di kisa?

Sa vle di fanm nan pa totalman depann de yon gason. Sa vle di tou li lib pou l reflechi. Li lib pou l deside ak patnè l sou sa ki pi bon pou fanmi an.

Se menm bagay pou gason an. Souvan gen vye lide ki antòtye lespri mesye yo. Pa egzanp: se yo k gason, tout desizyon se nan men yo l ye. Vye lide sa yo ki pa kanpe sou anyen, se lide tou pare sosyete a simaye nan tout kouch moun; kelke nan swa sou bit ekonomik moun yo kanpe. Vye lide k ap vale teren sa yo, nou kapab konbat yo.

Kòman?

Miss Cerette Plésimé

Ak Kominikasyon Sosyal pou Chanjman Konpòtman. Ak zouti sa ou ka rive jwenn bon rezilta nan lavi moun yo.

Konesans Fanmi (KF) nan jounen kolèk done avèk doktè yo, mis yo, nan lokal Lopital Lapè, zòn Dèlma 33, chita anpil sou kesyon chanjman konpòtman. Se strateji Kominikasyon KF pou l ankouraje mesye dam yo fè Planin.

Nan videyo nou pral gade la, mis Marie Carline Toureau, ki se manadjè Sèvis priz an chaj VIH nan Lopital Lapè, ap pale nou sou kesyon Planifikasyon Familyal la.

Claude Bernard Sérant

serantclaudebernard@yahoo.fr

Fè yon klik pour gade videyo sa

Quitter la version mobile