Jounen kolèk done Konesans Fanmi avèk doktè yo, mis yo nan Lopital Lapè

 

 

Konesans Fanmi òganize yon jounen kolèk done avèk doktè yo, mis yo, nan lokal Lopital Lapè, zòn Dèlma 33. Plis pase yon ventèn (20) doktè ak mis te prezan nan jounen aktivite sila. Yon aktivite ki te rive fèt sèlman avèk pèsonèl medikal k ap evolye nan sante familyal. Pou òganizatè yo te rive kolekte yon latriye done, ekip lojistik la te distribye yon kesyonè. Chak doktè ak mis te reponn plizyè kesyon selon pwòp obsèvasyon yo fè sou sante medam ki kapab fè pitit. An mèm tan gen kesyon enpòtan ki te reteni atansyon pèsonèl medika la na atelye evalyasyon an.

Pa engzanp : eske patnè medam yo mennen yo lopital pandan peryòd gwosès ?  Konbyen fwa l ale lopital pandan l ansent?

Atelye KF nan lopital Lapè

Direktris egzekitif Konesans Fanmi, madan Marie-Antoinette Toureau fè konnen rezilta ankèt sa pral penmèt Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ansanm ak  tout lòt òganizasyon nasyonal ak entènasyonal k ap travay nan domèn lasante konnen veritab pwoblèm fanmi yo. Plizyè nan fanmi k ap frekante sant sante nan peyi a ap fè fas kare sou plan sanitè. Ak done KF rekolte, antite piblik la ak òganizasyon nasyonal ak entènasyonal kapab rive pran bon mezi ki sou sante lafanmi. Pou sa, selon madan Toureau, fòk gen bon jan sansibilizasyon pou moun yo rive aplike bon prensip ki kapab fè yo viv an sante.

Inisyativ sila ki se yon finansman Fon mondyal gras ak soutyen ODELPA vini parapò ak yon seri obsèvasyon Konesans Fanmi ki se yon òganizasyon k ap travay sou domèn sante familyal nan peyi a,  fè sou reyalite sante fanmi yo nan kominote pa bò isit. Selon òganizatè aktivite a, majorite fanmi k ap fè fas kare ak pwoblèm sante  ki pa rive metrize yo se fanmi kote gason yo pa janm enplike nan planifikasyon ki vize  restore sante fanmi yo.

Dr Joshua Dorsainvil

Selon doktè Dorsainvil, rezidan an chèf matènite Lopital La Paix: « Li klè, tout konsta ki fèt nan lopital ak sant sante yo nan peyi a montre pwoblematik sante familyal la rete yon gwo defi pou fanmi yo. Absans enplikasyon gason yo nan sante fanmi yo kite yon gwo andikap nan majorite ka fanm ansent ak manman ki vin lopital ak bebe yo, yon sitiyasyon ki, dejou an jou, agrave pwoblèm sante fanmi yo epi rann yo vin plis vilnerab sou plan sanitè. »  Doktè a rapousuiv pou l di : «  Se yon responblite ki plis pase moral pou yon gason  akonpanye madanm li lopital nan moman gwosès li. Paske nan peryòd sa yo toujou gen modifikasyon k ap fèt nan nivo ògàn fanm yo kote y ap transfòme, ki mande tou èd sikolojk mesye yo epi akonpanye yo pi souvan pou al wè medsen. Konsa gason an ap kapab okouran de kijan bebe a ap evolye nan vant manman an sitou lè gen lòt difikilte ki poze ki lye ak konplikasyon ki ka anpeche fi a akouche. »

Miss Marie Carline Toureau

Pilwen, pou doktè Dornevil ki espesyalize nan pedyatri, akonpayman mesye yo bò kote madanm yo sou chimen lopital se yon eleman kle nan sante fanmi yo. Yon lòt kote, nan ka ou doktè a ta rive detekte jèm VIH SIDA a nan san manman an, prezans papa a ap ride nan pran tout mezi nesesè pou rive pwoteje timoun nan pandan e apre akouchman an. Toutfwa, pedyat la rete kwè, se pa sèlman nan nivo finansyè mesye yo dwe sipòte fanmi yo. Nan sans sa, li enpòtan anpil pou mesye yo enplike nan sante fanmi yo.

Pou fè suit ak 2 jounen atelye evalyasyon sou enplikasyon gason yo nan sante fanmi yo ; youn an kolaborasyon avèk Lopital Kominotè Dèlma 75; lòt la an kolaborasyon avèk Lopital Lapè.

Konesans Fanmi reyalize jounen kolèk done ak doktè e mis yo, nan lide pou rive idantifye ansanm faktè ki enfliyanse enplikasyon gason yo nan sante fanmi yo.

Frantzley Valbrun

Yon klik pou vizite aktivite KF

 

 

Quitter la version mobile