Pwotestasyon kont zak kidnaping ak Ensekirite

Le cri de l’artiste norvégien Edvard Munch

Not pou Laprès Pwotestasyon kont zak kidnaping ak Ensekirite Sektè Sante Ayisyen an (SESAH) endiye e revòlte fas ak zak ensekirite yo ki kontinye ap feraye nan peyi d’Ayiti. Malgre tout nòt, mach, sitin sanble sa pa ebranle Otorite yo. Se atò moun kontinye ap viktim anba men bandi kriminèl sanfwa ni lwa k ap simen latwoublay ak kè sote nan peyi a.

« Le cri », une peinture expressionniste d’Edvard Munch

Nou konstate se yon bann aksyon sipèfisyèl k ap poze. Malgre Otorite yo deklare etadijans sekiritè, okenn aksyon serye pwofon pa rive fèt jiskaprezan pou rive tabli tout bon vre yon klima lapè ak sekirite anndan peyi d’Ayiti.

Nan wikenn ki sot pase la a, anpil zak kidnapin rive fèt, pami yo: Doktè òtopedis André Valembrun, 7 relijye ansanm ak 3 manm fanmi yo. San nou pa bliye tout lòt viktim zak kidnaping ak masak ki pase nan dènye tan sa yo la nan peyi a.

Sektè Sante Ayisyen an di yo bouke. Sanble otorite yo montre a klè yo paka garanti sekirite lavi ak byen moun an Ayiti.

Nou mande pou otorite leta yo degaje yo pou pran tout mezi nesesè prese prese pou nou jwenn liberasyon san kondisyon moun yo kidnape yo pandan n ap mande respè dwa fondamantal yo. Sinon, n ap mobilize tout Sektè Sante a ansanm ak tout lòt sektè fòs viv nasyon an pou pran aksyon ki apwopriye pou fòse mouche leta pran responsabilite l, pou nou jwenn lapè ak sèkirite, pou etabli yon etadedwa nan peyi d’Ayiti.

Nou di Ola! Se twòp atò! Aba kidnaping !

Aba Ensekirite! Nou vle viv nan lapè ak sekirite nan peyi nou Ayiti.

Pou sektè Ayisyen lasante :

Dr Jude Milcé                                                  Miss Clara Guillaume

Dr Bélimaire Emmanuel                               Dr Odilet Lespérance

Quitter la version mobile