RHJS - Réseau Haïtien de Journalistes en Santé
  • Accueil
  • Webmail
  • Registre d’inscription
  • Nous contacter
lundi 19 mai 2025
  • Connexion
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
Advertisement
RHJS
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats
RHJS
Aucun résultat
Voir tous les résultats

Coronavirus: Kominike #3

La Rédaction Par La Rédaction
22 avril 2020
Dans Notes de presse
0
0
PARTAGES
61
VUES
Partager sur FacebookPartager sur Twitter

Pòtoprens, 21 avril 2020

Rezo ayisyen jounalis pou la sante (RHJS) ak Asosiyasyon jounalis ayisyen yo (AJH) enkyè anpil pou jan otorite nan leta yo ap jere lit kont maladi Kowonaviris la nan payi a.

19 mas 2020 – 19 avril 2020 : yon mwa depi otorite yo nan leta a te  anonse premye ka maladi Kowonaviris la nan peyi Dayiti. Se nan menm jou sa tou leta Ayisyen te deklare eta ijans sanitè nan tout peyi a.

Yon mwa apre, RHJS ak AJH  konstate, ak gwo kè kase, kijan kantite moun ki trape maladi a ap grenpe chak jou.

RHJS ak AJH konstate tou, leta pa rive aplike ak fè respekte anpil nan desizyon li te anonse pou fè fas kare ak pandemi sa a.

Yon mwa apre, aksyon moun ki reskonsab nan leta a poko janm klè sou ki sistèm ki mete kanpe pou bay swen ijans ak moun ki riske trape maladi a pa pil ak pa pakèt, jan nou wè sa fèt nan lòt peyi.

Jodi a RHJS ak AJH konstate leta pa ka fè respekte mezi ki mande popilasyon an chita lakay li ak mezi 2 pa distans la, sa yo rele distans fizik la.

RHJS ak AJH poko vrèman wè gwo distribisyon mas leta te anonse a. 2 asosyasyon yo konstate tou jiska prezan leta poko klè sou yon pwotokòl ki defini fason pou trete malad Covid19 yo, ni sou jan pou antere moun ki mouri anba maladi a.

Malgre tout fay sa yo, pandan moun ki malad yo ap ogmante, se nan moman sa gouvènman an chwazi relouvri faktori. Sa ki depaman ak yon seri mezi leta mande pou ki respekte nan kad batay kont maladi Kovid 19 la.

Nan sans sa a, konsòsyòm RHJS-AJH la ap mande pou:

– Leta fèmen tout aktivite ki ka rasanble moun epi re-evalye desizyon pou relouvri faktori ki pa nan fabrikasyon materyèl medikal yo

– Leta asire l,  nan mache piblik yo, devan bank komèsyal yo (pou n site sa yo sèlman) mezi 2 pa distans la respekte ant moun ;

– Leta ale pi vit nan distribisyon mas bay popilasyon an nan tout peyi a,  sitou bay moun ki pi vilnerab yo (mache piblik, estasyon machin, chofè moto, nan bidonvil ak bò kote  peyizan yo, elatriye) ;

– Lopital piblik nan chak depatman andan peyi a,  gen kapasite pou fè tès epi bay swen ak tout moun ki gen maladi Kovid19 la ;

–  Leta asire pwoteksyon tout pèsonèl medikal yo nan tout peyi a.

Jounen jodi a, maladi Kovid 19 la ap pran teren nan peyi a. Pazavan nou rive nan fen mwa me, nou poko ka konnen kote nou gad. Se poutèt sa, RHJS ak AJH ap kontinye mande leta pran reskonsabilite l pou l pwoteje tout popilasyon kont  maladi sa a.

Dr Odilet LESPÉRANCE
Sekretè jeneral RHJS
3661 6565

Jacques DESROSIERS
Sekretè jeneral AJH
3727 8539

PUBLICITÉ
Etiquettes: AJHCommuniquéCoronavirusCovid_19NoteRHJS
Post précédent

COVID-19 et Sécurité Alimentaire : Appui de la FAO au Gouvernement Haïtien pour en atténuer l’impact

Post suivant

100 000 masques et sept caméras thermiques : don de Taïwan au Ministère de la Santé publique

La Rédaction

La Rédaction

Le Réseau Haïtien de Journalistes en Santé (RHJS) est un outil de référence pour des informations de santé regroupant des journalistes qui œuvrent dans le domaine de la santé en Haïti.

Connexe Posts

Visite au centre de vaccination de l’Hôpital Saint Antoine
Actualités

L’équité au cœur des interventions nutritionnelles

19 mai 2025
Actualités

Haïti saigne ses soignants : le cri du silence après  le Dr. Nadia Phaïmyr Jean-Charles

16 mai 2025
Parler à nos enfants de la mort
Actualités

Projet en Amérique pour un pays à la dérive

14 mai 2025
Actualités

Le journaliste Dessources Dieumaître gravement fracturé dans un accident à Delmas

12 mai 2025
Élections au RHJS : l’appel à candidature est lancé
Actualités

Elections au poste de responsable de l’administration au RHJS

8 mai 2025
Première journée de la formation des journalistes sur la malaria
Actualités

Les inondations, facteurs de recrudescence des cas de malaria en Haïti

8 mai 2025
Post suivant
100 000 masques et sept caméras thermiques : don de Taïwan au Ministère de la Santé publique

100 000 masques et sept caméras thermiques : don de Taïwan au Ministère de la Santé publique

Discussion à propos de post

PUBLICITÉ

Notes de presse

Lancement d’HPay Cash, une plateforme de paiement mondiale actuellement en Haïti
Actualités

Lancement d’HPay Cash, une plateforme de paiement mondiale actuellement en Haïti

Par La Rédaction
10 octobre 2024
0

« La raison d’être de Heyseller Pay / HPay : éliminez les barrières entre les transactions dans le monde entier ; c’est à dire...

Lire plus

Publication de la liste des dix finalistes de la 3e édition du Prix Dr Odilet Lespérance

Poursuite de l’Assemblée générale ordinaire 2022 du RHJS

Une exposition de photos en hommage au Dr Odilet Lespérance

Tentative d’assassinat sur le journaliste de carrière, Roberson Alphonse

Derniers posts

Visite au centre de vaccination de l’Hôpital Saint Antoine

L’équité au cœur des interventions nutritionnelles

19 mai 2025

Prévention des maladies d’origine hydrique après les inondations en Haïti

19 mai 2025

Haïti sous le feu des projecteurs à l’Université Barry en Floride

18 mai 2025
Fête du Drapeau, ce qui nous reste d’héritage

18 mai : le drapeau dans le cœur, la santé dans l’action

17 mai 2025

Haïti saigne ses soignants : le cri du silence après  le Dr. Nadia Phaïmyr Jean-Charles

16 mai 2025
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
  • Registre d’inscription
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous
Téléphone : +509-3832-2925

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht

Bon retour!

Connectez-vous à votre compte ci-dessous

Mot de passe oublié?

Récupérez votre mot de passe

Veuillez entrer votre nom d'utilisateur ou votre adresse email pour réinitialiser votre mot de passe.

S'identifier
Aucun résultat
Voir tous les résultats
  • Connexion
  • Accueil
  • Qui sommes-nous?
  • Nos Projets
  • Nos Membres
    • Registre d’inscription
  • Actualités
    • Nationales
    • Internationales
    • Notes de presse
  • Éditorial
  • Vendredis du RHJS
  • Webmail
  • Mentions légales
  • Contacter nous

© RHJS 2019 Tous droits réservés | www.rhjs.ht