Nòt pou laprès

Rekòmandasyon

                                                        Pòtoprens, 23 mas 2020

Rezo Jounalis Ayisyen pou la Sante (RHJS) ak Asosyasyon Jounalis Ayisyen (AJH) konstate maladi Kowonaviris la ap simaye kòl chak jou pi plis nan peyi a.
Daprè Ministè sante piblik, 104 moun an karantèn nan 7 depatman peyi a, 6 pami yo deja teste pozitif.

Fas ak malè pandye sa a ki sou tèt nou, RHJS ak AJH mande pou leta pran gwo mezi pou anpeche maladi a simaye nan rès peyi a pou yo ka rive pran kontwòl li.

Pou jodi a, si nou kwè otorite yo, depatman Nip, Sid, Grandans ak Nodès poko gen okenn ka Kowonaviris konfime ni ka sispèk.

Nan sans sa nap mande, prese prese, pou leta anpeche moun soti nan depatman ki touche yo pou ale nan sa ki poko touche yo.

Pou gran Sid la, nou rekòmande pou li bloke depi kafou Difò. Pou Nòdwès, wout la ta dwe bloke nan tou 2 antre yo : Latibonit ak Nò.

Mezi sa a ap pèmèt nou pwoteje depatman sa yo an menm tan Leta a ap gen mwens kote nan peyi pou l jere. Konsa lap kapab pi byen konsantre li sou kote viris la deja tabli yo. Sa ki ap ede nou limite pwopagasyon maladi a.

RHJS ak AJH kwè pa gen pyès sakrifis ki twò gwo pou pwoteje sante ak lavi popilasyon an.

Dr Odilet LESPERANCE, Sekretè jeneral RHJS

pou AJH
Jacques Desrosiers, Sekretè jeneral AJH

Pou Otantifikasyon

(509)3661-6565 /  3727-8539

Quitter la version mobile