Nòt rektifikatif direksyon Lopital Jeneral sou zafè jenn gason 16 lane ki te pran bal

Direksyon Lopital Inivèsite Leta Dayiti (Lopital Jeneral) sezi aprann enfòmasyon ki vle fè konprann jenn gason 16 lane ki te pran bal nan mouvman manifestasyon yo mouri lopital jeneral akòz li pat jwenn laswenyay. Pandan Direksyon Lopital Jeneral la ap pataje lapenn fanmi an ak tout moun lanmò sa a touche, l ap pwofite demanti pawòl sa epi pote limyè pou popilasyon an sou kòman ka sa a te jere nan tout respè dwa jenn gason sa pou l te jwenn swen.

N ap raple se yon blese ak bal ki te deja pèdi anpil san anvan li te rive lopital la, nan dat 2 oktòb 2019 la a 9h10 nan aswè epi ki te sou sipèvizyon Lapolis, men sa pat anpeche tout dispozisyon te gentan pran pou lopital la te opere li rapid rapid. Men malgre operasyon an ak tout lòt swen ka li te mande, malerezman jèn gason sa ta pral rive mouri nan dat 9 oktòb 2019 la. Direksyon Lopital la gen tout prèv kote yo te fè prizanchaj jèn gason 16 lane a kòmsadwa kontrèman ak sa kèk moun ta vle fè kwè.

Direksyon Lopital Inivèsite Leta Dayiti (Lopital Jeneral) ap fè tout moun sonje, lopital jenneral se yon enstitisyon sèvis piblik ki la pou l bay swen ak tout moun, san ankenn konsiderayon politik oswa lòt.

An n pwoteje lopital la ak tout moun kap travay ladan l yo pou n kontinye jwenn swen!

Direksyon Lopital Jeneral

 

 

Quitter la version mobile